Accessibility links

Breaking News

American Airlines Rekòmanse Vòl Komèsyal Li Nan Direksyon Ayiti


Plis pase yon mwa apre tranblemann 'tè 12 Janvye a, yon afè de 122 Ayisyen pran avyon douvan jou vandredi nan ayewopò entènasyonal Miami a abò premye vòl American Airlines ki pra l' Pòtoprens depi katastwòf la.

Anplwaye konpayi ayeryen nan fè konnen pasaje sa yo te gen tan ap tann devan kontwa a depi 3 zè dimaten, malgre ke yo te louvri selman a 4 trè. Premye avyon an, se te yon ti aparèy e li te chaje kou legba, dapre sa yon anplwaye di nou.

Pwochen vòl la-- yon Boeing 767, pral gen plis pase 200 moun abò li. Anbyans la, maten an nan ayewopò a, te chaje eksitasyon ak kè kontan. Tout pasaje yo fè konnen malgre yo tris akòz sa k' rive peyi a, yo kenbe Ayiti nan ke yo e yo kontan y' ap retounen pou y'al bay yon kout men.

Met sou pasaje ki tap retounen Ayiti, te gen tou moun ki sòti Pòtoprens abo vòl militè yo. Yo dekri devastasyon yo wè, pakèt moun ki mouri e yo di yo rive Ozetazini ak tristès pou sa yo kite deyè a. Marlène, ki rive maten an sòt Léogane ak 2 nan 6 pitit li yo, fè konnen kay mari li kraze nèt, e li te oblije al viv nan lari. Kounye a, Marlène ap pare li pou gwo fredi kap tann li nan Nouyòk, kote li abite.

Samdi, konpayi ayeryèn Air France ak Air Canada ap reprann vòl yo tou nan direksyon kapital ayisyèn nan, Pòtoprens.


XS
SM
MD
LG