Accessibility links

Breaking News

Violonis Ayisyen-Ameriken Mele Muzik Klasik, ak Hip Hop nan Jezolenpik D'Ivè yo


Ayisyen-Ameriken Daniel Bernard Roumain nan Vancouver, o Kanada mwa sa-a nan kad selebrasyon nan okazyon jezolenpik d'ivè-yo. Roumain ke yo konnen tou kom DBR (ki se inisyal non-ni) melanje violon, funk, rhythm ak blues ak hip hop nan yon bouyon muzik pou tout moun ka jwi.

Daniel Bernard Roumain te komanse jwe violon lè li te gen 5 kan. Lakay-li nan Margate nan eta Florid, li te konn tande kanmarad klass li-yo ki te kon ap jwe enstruman-an epi li santi li te renmen son-an. Pandan li tap grandi nan sud eta Florid, li te ekspoze a yon seri stil muzik: Reggae, Afro-Kiben ak muzik Brezilyen, muzik Latino-Ameriken ak muzik klasik elatriye. Finalman, Daniel te etudye muzik nan Univèsite Vanderbilt e li gen yon doktora nan kompozisyon muzik nan Univèsite Michigan. Men enfluyans muzikal li te jwenn nan anfans-li pa janm kite-l.

Roumain di Lavwadlamerik ke melanj stil li-yo se tankou yon pla kreyol ki fèt ak anpil bagay e li reflete ni heritaj-li ak teknoloji modèn ki pèmèt moun fè prop lis pa-li.

"Zansèt Ayisyen mwen-yo ak anfans mwen nan sud eta Florid kole ansanm e li vin tounen yon melanj diferan kalite muzik," mizisyen an eksplike. "E li fè travay mwen e sa mwen vle fè- avek muzik klasik, melanj janre-yo pi fasil e mwen panse li enpòtan."

Roumain tire de plizyè tradisyon ak teknik nan muzik li-a. Li te utilize hit pèkisionis yo kom baz pou'l konnen kouman pou'l pliye kòd-yo avek dwèt-li ak pouss-li; gen de lè li jwe violon tankou yon bassis djazz jwe. Muzisyen-an di se tou pati konvèsasyon-ni avek odyans-li.

"Mwen bat pye mwen, mwen utilize tout kòm; Mwen chante, souvan mwen pale e mwen jwe an ménm tan," Roumain deklare. "Mwen ta dwe di mwen temwaye e jwe an mènm tan. Men pou mwen, jwe violon se pale de tout fason. Ou ap revele yon sèten aspè lakay ou. Mwen ajoute mo sou son sa-yo. Mwen panse fason mwen jwe violon gen anpil pou wè ak Jimi Hendrix menm jan li fè pou Prince e mènm jan-an sa fèt ak Paganini."

Men DBR se pa selman yon muzisyen. Kom yon Ayisyen-Ameriken yo te ba-l yon vedetarya ke li pa tap chache akoz tranbleman de té ki devaste Ayiti nan dat 12 Janvye pase. Byen ke li te idantifye tèt-li kom yon konpozitè Ayisyen-Ameriken depi ane 1992, dezas-la fè li vin pi pran konsyans de rasinn-ni.

Roumain te bay yon pòsyon nan vant machandiz-li–yo pou sekou Ayiti. Li gen pwojè pou'l al vizite Ayiti e li mènm ak chantez Emeline Michèl ap planifye yon seri konsè ak kèk lot pwogram pou ede rebati peyi zansèt-yo. Violonis-la di tranbbleman de té-a chanje muzik-li nan pwen pou'l mènm mete vèsyon hymn nasyonal li-a nan concerto li-a.

"Se yon kalite pozisyon militan. Ke se moso mwen-yo. Concerto Violon Vodoo oubyen disètasyon Ayisyen oubyen kelkeswa travay mwen ta fe konseye kounye-a, sa yo se opotunite mwen panse ki mete yo nan direksyon yon byen komun pou ede Ayiti, nan direksyon pou konprann nasyon sa-a," DBR eksplike. "Li vrèman ase, mwen panse, pou moun vini nan konsè-a chita epi tande."

Odyans Roumain-an tande yon kantite son nan konsè li-a. Aproch inovativ li-a a muzik klasik fè li jwen respè ak admirasyon fanatik tout gou -- pami-yo kolèg muzisyen mayestro okès senphonik Vancouver-a, Branwell Tovey yon gayan pri Grammy ak Juno Kanadyen. Misye Tovey di Roumain ofri yon volè frè sou muzik klasik ki enspire non selman odyans-yo men tou lot muzisyen.

"Mwen panse ke Daniel ap fé avek moso patikilye sa-a yon ti kras tan aprè dezas terib sa-a ki pase an’Ayiti-a. Mwen panse sa nap fé se komunike avek moun sou eksperyans-yo gras a muzik. E sa se yon lot nivo nou ka pale youn ak lot," Misye Tovey deklare.

Daniel Bernard Roumain di li gen emosyon depaman depi tranbeman de tè 12 Janvye-a.

"Gen de lè mwen santi mwen koupab, gen lot lè mwen santi mwen enpwisan oubyen se tankou wen pap fè ase," misye eksplike.

Men li di tout emosyon sa-yo ede enfome e enspire konvèsasyon ni avek odyans-la. Li santi tou yon responsabilite espesyal kom yon Ayisyen-Ameriken ki kenbe kay zansèt li-yo nan tèt aktualite-a mènm apré li ta fin efase nan gran tit-yo.

XS
SM
MD
LG