Accessibility links

Breaking News

Etazuni Anvizaje Redui Prezans Militè li Anayiti


Pi gwo deplwaman militè Etazuni fè a l'etranje depi li te fin’ voye sòlda nan Irak ak Afghanistan-an ap redui kounye-a, yon mwa apre twoup-yo te debake byen vit ann Ayiti pou sekoure viktim tranblemann’tè 12 Janvye-a.

Nan yon rakont ak lapres jodi-a, Chef Komandman-Sud-la, Jeneral Douglas Fraser, di efektif solda Ameriken-yo ap soti nan 20,000 pou li desann nan 13,000. Anviwon mwatye nan militè sa-yo ap travay sou teren-an. Jeneral Fraser pa presize nan ki nivo efektif lame-a ann Ayiti pral ye nan mwa kap vini-yo.

Pandansetan, kantite viktim soukous-la ki tap resevwa swen sou bato-lopital USNS COMFORT bese anpil, sepandan Ayiti kontinye ap fè fas ak yon gwo bezwen enstalasyon medikal.

XS
SM
MD
LG