Accessibility links

Breaking News

Hillary Clinton: Etazuni Kwè Iran Vin Tounen yon Diktatu Militè


Sekretè d'Eta Ameriken an, Hillary Clinton di Lezetazuni kwè Iran vin tounen yon diktatu militè. Pandan chèf diplomasi Amerikèn-nan tap pale devan kèk èlèv Jodi Lendi-a nan peyi Qatar, li fè konnen fòs élit militè Iran-an, setadi "Gad Revolusyonè" a la verite pran plas gouvenman-an.

Komantè Madan Clinton-yo vini pandan lap fé yon virewon nan rejyon Golf-la pou ankouraje efò kap fèt pou ogmante presyon kont Iran akoz pwogram nikleyè li-a. Yè Dimanch-la, nan Forum Islamo-Ameriken-an nan Doha, Sekretè d'Eta Etazuni-an deklare Washington ta renmen yon solusyon pasifik nan mezantant nikleyè avek Iran-an, men li pa pral angaje Iranyen-yo aloske nan prop mo pa-li "yap fabrike bonm-yo." Chèf diplomasi Amerikèn-nan ajoute Teheran pa bay komunote entènasyonal-la twòp chwa, sinon enpoze plis sanksyon kont Iran.

XS
SM
MD
LG