Accessibility links

Breaking News

Gonayiv Reseva Plis Pase 30,000 Moun Apre Tranbleman de Te a


Otorite nan vil Gonayiv mande konkou gouvenman santral la pou ede yo fe fas ak plis pas 30,000 moun ki kite Potoprens pou vin pran refuj nan zon nan apre tranbleman'd te 12 Janvye a. Dapre Majistra adjwen vil la, Jean-Francois Adolphe otorite lokal yo te oganize pwop evakyasyon pa yo, non selman pou sitwayen Gonayivyen men tou sa ki soti nan 15 lot komun. "Yo epapiye atrave lavil," majistra a fe konnen.

Pozisyon Gonayiv okipe pa rapo ak lot vil afekte yo mete'l nan yon pozisyon ideyal pou'l akeyi abitan ki pa moun zon ansanm avek blese. Se konsa otorite yo transfome yon sant hospitalye nan Raboto nan yon lopital kote yap swaye blese yo.

Yon dokte kap travay nan lopital sa a fe konnen apre yo fin soti nan lopital la anpil malad bezwen supo tankou medikaman, tant ak lot swen pou pemet yo viv byen.


XS
SM
MD
LG