Accessibility links

Breaking News

Rapò Premye Minis Ayisyen An Sou Dega Tranbleman Tè a.


Premye minis ayisyen-an, Jean-Max Bellerive di plis ke 200 mil moun mouri nan gwo tranbleman de tè ki frappe Ayiti nan dat 12 janvye pase-a.

Misye Bellerive publiye yè mèkredi-a kèk chif ki mntre gen 300 mil moun ki subi move konsekans tranbleman de tè-a (sètadi, ki afekte yon fason oubyen yon lòt).

Gwo kokenn soukous sa-a (ki te mezure 7 pwen sou echèl Riktè-a) kite debri nan kapital peyi-a, Potoprens ak zòn ki nan alantou li-yo. Otorite-yo di apeprè yon milyon moun pa gen kay pou yo rete.

XS
SM
MD
LG