Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Wòl Pou Bill Clinton Nan Peyi Dayiti


Sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, mande ansyen prezidan ameriken Bill Clinton dirije efò kowòdinasyon èd entènasyonal la nan peyi Dayiti.

Mesye Ban di gwo efò sa a pral bezwen yon lidèchip ekstwòdinè e li espere mesye Clinton va tounen pòtpawòl ki pral kowòdone asistans entènasyonal nasyon karibeyen an ap resevwa nan kad tranbleman'tè ki sot frape’l la.

Sekretè jeneral l'Onu an te nonmen ansyen prezidan Bill Clinton kòm anvwaye espesyal li pou Ayiti nan mwa me ane. Mesye Ban presize angajman "à long-terme" Nasyonzini pran anvè pèp ayisyen an, se youn nan rezon ki fè’l mande mesye Clinton jwe wòl "di plis" sa a.

"Mwen mande ou, nan non pa’m, pou'w jwe yon wòl lidè nan kowòdinasyon èd entènasyonal la nan kad repons d'ijans pou rekonstwi Ayiti a. Sa pral bezwen yon lidèchip ekstwòdinè, e mwen pa kapab jwenn okenn lòt moun ki pi byen prepare pase ou menm nan sans sa a, mesye prezidan." Deklarasyon misye Ban.

Sekretè jeneral Ban Ki-moon di tou li espere mesye Clinton pral travay nan yon kolaborasyon sere ak ajans Nasyonzini yo e ke chèf pwovizwa misyon sivil òganizasyon mondyal la ann Ayiti va founi yon apui estratejik nan enplikasyon Nasyonzini sou yon plan entènasyonal.

Mesye Clinton genyen yon relasyon manch long ak nasyon Ayiti, yon relasyon, dapre sa ansyen prezidan ameriken di ak pwòp bouch, ki chita sou plizyè dizèn lane, dizon depi lè li menm ak madanm li, Hillary, te pase "lune de miel" yo nan peyi karrayib la.

Ansyen prezidan Clinton di li pral fè tout sa’l kapab. Sepandan li avèti "defi kap tann li pi devan yo, se defi ki disifil pou leve".

Pou Clinton, "sa k' enpòtan an, se plase ayisyen yo nan stad kote yo sispann viv “au jour le jour ” pou kòmanse viv semèn pa semèn, mwa apre mwa, anvan pase nan efò a lon tèm yo.

Yo menm, an palan de lidè ayisyen yo, vle bati yon peyi modèn, kap fonksyone byen pou la premyè fwa...e mwen pral fè tout sa’m kapab pou mwen reprezante Nasyonzini fidèlman epi
travay ak tout ajans L'Onu yo pou ede yo fè travay yo.

Ansyen prezidan ameriken an voye yon bèl kout chapo pou Nasyonzini pou travay lap fè ann Ayiti, kote li di l'Onu fè yon bon travay anba sikonstans difisil.

Pandanstan, òganizasyon mondyal la konfime lanmò 92 nan anplwaye li yo nan tranblemann'tè 12 janvye pase a, paske anpil nan bilding li yo swa andomaje swa kraze rapyetè.

XS
SM
MD
LG