Yon gwoup misyonè batis Ameriken te gen pou yo konparèt, yè Madi a, devan yon juj nan Pòtoprens -- ki tande depozisyon-yo sou akizasyon deske yo tap eseye kite peyi a avèk yon gwoup 33 timoun aprè tranbleman de tè a. Moun sa yo pat gen papye legal pou sa. Daprè otorite yo nan kapital la, 5 sou 10 Ameriken sa yo (5 gason ak 5 fi) plede kòz yo devan juj la, tandiske 5 lòt yo genyen pou yo prezante nan tribunal la jodi Mèkredi a. Vandredi pase a, Ameriken sa yo te tonbe anba men lapolis nan moman yo tap eseye travèse fwontyè Ayisyano-Dominikèn-nan, pou yo ale nan peyi panyòl avèk timoun yo.
Ameriken yo pale pou yo di yo tap mennen ti moun sa yo nan yon òfelina nan Republik Dominikèn, men kèk nan ti Ayisyen yo fè konnen ni papa yo, ni manman yo ap viv toujou (donk, yo pa òfelen). Yon ajans asistans entènasyonal fè konnen paran timoun yo prezante pou reklame pitit yo. Daprè yon pòtpawòl ajans sa a -- ki rele SOS VILAJ pou Timoun -- pap ka genyen okenn reyunyon ant ti Ayisyen sa yo ak paran yo toutotan lumyè pa fèt sou kesyon pou konnen kijan e poukisa misyonè Ameriken yo te genyen timoun yo nan men yo. Nan kontak nou va genyen ak anvwaye espesyal nou nan Potoprens e ak korespondan nou nan vil sa a, nou va retounen sou pwen sa a nan aktyalite a ann Ayiti.