Accessibility links

Breaking News

Lame Amerikèn Tabli Yon Sant Enfòmasyon Sou Viktim Tranblemann Tè a


Lame amerikèn nan tabli nan Pòtoprens yon sant pou ranmase “enfòmasyon” e detèmine bezwen popilasyon an apre kokenn tranblemann tè 12 janvye a. Chak jou, plizyè milye moun nan kapital la ap fè fas ak mank dlo, manje ak travay.

Sòlda ki devan sant la ap eseye mentni moun yo nan lòd, yo fè yo fòme 2 liy—youn pou gason , youn pou fi. Yo kite sèlman moun antre pa ti gwoup nan sant la, ki tabli nan yon lokal ministè agrikilti a, ke lame amerikèn nan ap itilize sou yon baz tanporè pou ranmase done e sèvi kòm sant operasyon sekou yo.

82-zyèm divizyon ayewopòte Lame amerikèn nan ap sipèvize Sant la, kote ekip ayisyen ki pale kreyòl ap fè entèvYou ak viktim tranblemann tè a.

Sèjan premye klas Brandon Lemmons di enfòmasyon li kolekte yo li pase yo bay siperyè li yo e yo sèvi ak yo pou detèmine ki jan yo pral dirije efò sekou yo.

Prensipal preokipasyon an, premyèman: tout moun nan bezwen, nou ba yo yon nimewo. Nimewo 1: manje ak dlo, nimewo 2 swen medikal. Nimewo 3: abri; tou depan de jou a.

Lemons di lòt preokipasyon yo se se mache pou pwodui de baz yo tankou manje ti bebe ak diri.

Pandan Lame a ap ranmase enfòmasyon, ayisyen yo ale nan sant la avèk espwa yo va jwenn yon ti jòb.

Sant la anplwaye 30 ayisyen pou ede nan operasyon yo. Sèjan Lemmons di lame a ap fè sa l’ kapab pou l’ bay moun yo travay, satisfè bezwen sant la ak lò kanpman lame amerikèn nan tabli nan peyi a.

Apre fèmti sant la, chak aprèmidi, plizyè milye moun pap gen chans pase, e yo pral sètoblije retounen vin pran chans demen.

Sèjan Lemmons di operasyon an dewoule nan lòd, men anpil-anpil moun nan nesesite, e nesesite-yo gwo anpil.

XS
SM
MD
LG