Accessibility links

Breaking News

Apre Montreal, Nasyon Zini Pral Akeyi Yon Dezyièm Konferans Sou Ayiti


Peyi zanmi Ayiti yo ak enstitisyon finansyè entènasyonal yo sot reyini nan Montreal jounen 25 janvye a. Se premye konferans entènasyonal sou Ayiti apre tranbleman detè mòtèl 12 janvye a ki touye apeprè 200 mil moun.

Premye minis Ayiti a, Jean-Max Bellerive, ki remèsye pè ak gouvènman kanadyen an, lanse apèl pou mande yon angajman entènasyonal kap dire lontan pou ede rebati peyi a apre dezas tranbleman detè a.

Jean-Max Bellerive di : « Mwen vinn isit la pou m diskite avek Kanada e ak lot patnè zanmi Ayiti yo pou m esplike yo ki sa defi a kou tèm, defi pou 5 ak 10 zan kap vini yo e defi a lontèm nou yo yè. »

Premye minis kanadyen an, Stephen Harper ki te rankontre ak premye minis Bellerive fè konnen rekonstruksyon peyi d’Ayiti ap pran omwen 10 zan travay di.

Nan fen konferans la, patisipan yo piblye yon deklarasyon an 6 pwen ki chita sou 6 pwen. Yo rekonèt Ayiti se mèt avni li. Yo mande pou travay rekonstriksyon fèt nan tèt ansanm avek bon jan ko-òdinasyon. Yo fikse yon objektif a lon tèm sou yon peryòd 10 zan. Aktè yo mande pou repons la efikas e li dwe bay nan tèt ansanm. Yo plede pou patisipasyon diaspora a nan rekonstriksyon an. Yo mande pou aktè yo pran responsabilite e rann kont de aksyon yo pral poze.

Peyi zanmi Ayiti yo ak reprezantan enstitisyon finansyè entènasyonal yo fikse yon objektif stratejik a lontèm ki chita sou yon gouvernans demokratik ranfòse, yon devlopman sosyal ekonomik dirab, yon stabilite dirab ki kore ak yon eta ki chita sou lalwa. Patnè Ayiti yo di yo pral bay peyi a yon atansyon soutni e sible. Etazini, kanada, Brezil, Unyon Europeyèn ak Lafrans pral travay sou yon plan daksyon ak yon mekanis pou ko-òdone plan sa a. kominote entènasyonal la pran randevou pou mwa d' mwas la nan New-York kote LONU poral oganize yon dezyèm konferans entènasyonal sou Ayiti.

Kanada gen relasyon trè profon avek Ayiti. Plis ke 100 mil desandan ayisyen ap viv Okanada pifò ladan yo tabli nan Montreal. Avan li retounen nan Pòtopren, premye minis Bellerive pral rankontre avek gouvènè jeneral Kanada a, Michaelle Jean, ki te pran nesans an’Ayiti. Madanm Jean, reprezante larèn Elizabeth2 kòm chèf deta Kanada te tonbe kriye pandan yon konferans pou la près aprè tranbleman detè 12 janvye a.

Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj wèb la pou koute yon kont randi sou konferans Montreal la

Jleroy@voanews.com

XS
SM
MD
LG