Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ayisyen an Sispann Operasyon Fouy ak Sovtaj Yo


Nasyonzini fè konnen gouvènman ayisyen an deside kanpe operasyon fouy ak sovtaj pou jwenn moun ki bloke anba debri kay ki efondre nan tranblemann'tè 12 janvye a. Gouvènman an pibliye yon deklarasyon nan sans sa a 10 jou apre sekous katastwofik ki lakòz destrikyon nan pifò kapital la ansanm ak nan plizyè lòt vil e vilaj andeyò Pòtoprens.

Desizyon pou sispann operasyon fouy yo se yon desizyon responsab ayisyen yo pran yon jou apre sekouris te dekouvri 2 moun vivan anba debri yo. Dekouvèt sa yo vinn ranfòse espwa ki fè kwè ka gen plizyè lòt moun vivan toujou nan wuin kay kraze yo. Sepandan, yon pòtpawòl biwo L'ONU pou ko-òdinasyon asistans imanitè a, Elizabeth Byrs, di Lavwadlamerik, se yon espwa ki pa chita sou anyen.

Madam Byrs di : «Yo kapab jwenn kèk ladan yo, men nou kapab rele yo “sivivan mirakile”. Sepandan, plis tan ap pase, espwa sila a ap diminye. Li preske enposib pou jwen sivivan nan stad nou ye la a".

Pòtpawòl biwo ko-òdinasyon pou asistans imanitè Nasyon Zini an ajoute: « Ekip sekouris entènasyonal yo retire 132 moun antou anba debri yo depi tranbleman detè a te frape Ayiti. » Lè dezas mòtèl la te fèk frape nasyon karibeyen an, Madam Byrs fè konnen te genyen yon afè de 67 ekip sekou ann' Ayiti--pami yo, 2 mil spesyalis imen ak 160 chen reniflè.

Responsab nan gouvènman ayisyen an konfime lanmò anviwon 111 mil 500 kretyen-vivan , e kantite moun ki san kay pou yo rete nan Pòtoprens depase 600 mil. Madam Byrs presize chif sa a yo reprezante sèlman yon bilan preliminè e yo byen kapab chanje lè misyon evalyasyon an rive nan bout li. Li presize ekip operasyon sovtaj/ ki gen ekipman lou / pral kontinye rete ann' Ayiti pou bay kout men nan efò sekou yo.

biwo L'ONU an, nan Pòtoprens, fè konnen ekip sa yo ap bay kout-men nan distribusyon manje, bay swen ak asistans medikal. Ekip rechèch ak sovtaj ak ekipman lejè yo deja sou wout pou retounen nan peyi yo. Deplizanpli, se ayisyen yo kap pran sitiasyon an an men. Kounye a Nasyonzini ap santre sou kesyon lojman an. Sezon lapli ak sezon siklòn nan pa lwen kòmanse e li nesesè pou moun yo genyen yon kote pou yo abite.

XS
SM
MD
LG