Accessibility links

Breaking News

OEA Reyuni Pou Diskite Sou Sityasyon Ayisyenn nan


Gwoup peyi zanmi Ayiti yo reyini Madi avek OEA nan washington pou diskite sou fason yo pral ede Ayiti fè fas ak divès kalte defi apre tranbleman de tè 12 Janvye-a. Asistan Sekretè-Jeneral OEA a, Albert Ramdin, kap pare'l pou'l rantre nan Pòtoprens Jedi 21 Janvye a konfime òganizasyon yon konferans bayè de fon entènasyonal 25 Janvye nan Montreal, peyi Kanada. Albert Ramdin ap fè yon kont-randu sou dènye chita pale ki fèt jodi-a nan LOEA sou Ayiti.

"OEA ap esye fasilite ko-òdinasyon aktivite sistèm ente-ameriken-an," Misye Ramdin deklare. "Nan sans sa-a nou kòmanse reyini sou yon baz regulyè avek gouwp pey zanmi Ayiti yo ki gen ladan peyi manmb yo ak oganizayson entenasyonal yo. reyiyon jodi a te chita sou defi Ayiti ap fè fas pou efo kap fèt pou soulaje viktim yo. Gen 3 kalte defi. Asistans-lan sou teren-an nan republik dominikèn ak nan Pòtoprens, men distribyon-an pa ka fèt nan rit pou-l ta fèt-la. Pwoblèm lojistik la reprezante yon defi an tèm ekipman ki pa disponib pou tranpòte ed dujans la. Sekirite pou akonpaye konvwa yo. Mwen konnen, MINUSTAH ap pare-l pou deplwaye plis pèsonèl militè pou fasilite pwosesus-la. Nan moman nap pale la-a,se yon sitiyasyon ki difisil. Nou vle distribye èd dujans-la pi vit posib bay mounn ki nan bezwen yo."

Gen 2 lòt defi: "sekrite ak tranpò" An plis de sa, nou toujen gen pwoblèm kominikasyon andan Ayiti. Kominikasyon avek kominote entènasyonal ap fèt san pwoblèm. Men nou gen pwoblèm kominikasyon andan Ayiti ke nou bezwen rezoud. Sa pral pèmèt nou ekakteman zon ki gen bezwen yo e kòman nou ka rive nan zòn sa yo. Se youn nan pwen nou te diskite nan reyinyon peyi zanmi Ayiti yo.


Peyi manm OEA yo te diksikte tou sou patisipasyon yo nan reyinyon bayè de fon yo ki gen pou fè nan Montreal lundi pwochen.

"Lòt pwen nou te diskite se asistans a mwayen e a lontèm pou Ayiti, spesyalman apre reyinyon preparatwa ki te fèt nan Sendomeng yè lundi-a," sekrete-jeneral la deklare. "Reyinyon sa-a te pèmèt nou prepare konferans ki pral gen pou fè lundi 25 janvye nan Montreal. Objektif konferans sa-a se rive antann nou sou yon plan yon strateji,pou-n defini priyorite yo kote chak moun ka jwe patisyon pa yo, pote asistans sa yo. Nou pral esye antann nou pou byen ko-òdone efò nou. San yon bon jan ko-òdinasyon, se pral yon veritab dezòd. Sa rive plizyè fwa deja kote asistans pa bay rezilta. Nou pa vle sa rive fwa sa-a. Ayit bezwen tout èd ki disponib. Ed sa bezwen byen ko-òdone pou-l ka al’ jwenn mounn ki frape yo e amelyore kondisyon lavi yo.

"Se 2 pwen sa yo nou te diskite jodi-a: solidarite ak supò pou Ayiti.angajman-an la. Moun mande peyi manmb yo pou yo pa blye Ayiti, lè li pa yon sijè aktualite ankò. Malerezman sa konn rive souvan. Men kominote entè-ameriken renouvle yon angajman solid pou Ayiti."

L'OEA dekrete pèmanans nan Washington. Asistan Sekretè-Jeneral òganizasyon emisferik-la fè konnen gen reyinyon ki fèt chak jou sou Ayiti.

"Semèn sa a nou pral kontinye rankont nou yo sou Ayiti. Chak Jou gen reyinyon teknik avek reprezantan peyi manmb yo. Demen n’ap gen yon rankont avek reprezantan enstitisyon entè-ameriken yo ki gen pwojè ann Ayiti. 6 enstitsyon sa yo pral diskite sou kolaborasyon ak ko-òdinasyon asistans pou peyi-a," Misye deklare. "Bò kote pa-m’, mwen konte ale ann Pòtoprens demen mèkredi-a an pasan pa Sendomeng. Map ann Ayiti jedi. Nan vrandredi swa, OEA ap gen yon aktivite kolèk lajan. Nou prevwa anpil aktivite pou Ayiti. Jan mwen te di-l’ avan sa a, lundi 25 janvye pral gen yon reyinyon bayè de fon nan Montreal pou Ayiti."

XS
SM
MD
LG