Accessibility links

Breaking News

Nasyonzuni Obsève Yon Moman Silans pou Viktim Tranbleman'd Tè Ayiti Yo


Nan seyans ki dewoule yè Madi a nan katye jeneral l’ONU an nan New York, Sekretè-Jeneral Ban Ki-moon ak plizyè santèn anbasadè ak delege peyi manm Nasyon Zuni yo te obsève yon poz ak yon moman silans a 4:53 nan aprè midi egzatteman, swa lè tranbleman'd tè a te frape Ayiti Madi 12 Janvye pase a.

Sekretè-Jeneral Ban te pwofite seyon an pou'l rann yon omaj espesyal pou anplwaye l’ONU ki antere toujou anba debri yo nan Hotel Christopher kote misyon Nasyon Zuni an, MINUSTAH, te genyen katye jeneral li nan Potoprens, ak lot kote ann Ayiti. Nap raple ke pami viktim sa yo, genyen chef misyon an, Hedi Hannabi, avèk asistan li, Luis Carlos da Costa.

Sekretè-Jeneral Ban te pale direkteman ak manm misyon diplomatik yo nan L'ONU pou di "Nou menm ki la, nou pèdi kèk kòlèg ke nou te adore ak zanmi ki te trè chè pou nou. Nou menm tou la a, nou soufri akoz trajedi ki pi grav nan tout listwa Nasyon Zuni. Malgre sa, nap kenbe. Mwen konsidere nou kòm pi bon pami pi bon. Pa gen parèy nou. Nou pa genyen pou'n envite ewo pou Nasyon Zuni; si moun bezwen wè ewo, yo te mèt gade alantou nou la a; genyen anpil ewo isit la. Se yon fyète pou'n sèvi lemond ansanm avèk nou."

Nan mitan tout trajedi ki frape Nasyon Zuni-an, òganizasyon mondyal la ap travay 24 hè sou 24 pou'l kowòdone yon operasyon asistans masif ke li menm ak divès gwoup d'èd rejyonal avèk peyi ap ofri populasyon Ayisyèn nan.

XS
SM
MD
LG