Accessibility links

Breaking News

Etazini Ap Voye Plis Bato Ann Ayiti


Lèzetazini ap voye plis bato an’Ayiti pou ede nan efò sekou yo apre tranblemann'tè a--pami yo, yon gwo drag pou debleye debri ki bloke antre prensipal pò nan kapital la, Potoprens, ki efondre. Minis defans Etazini an, Robert Gates di bato pou netwaye pò a pral ede retire mèkredi debri ki anpeche gwo bato kap pote manje ak lòt pwovizyon nesesè fè livrezon pou ede sinistre gwo tranbleman de tè semen pase a. Deklarasyon misye Gates la tonbe nan moman lame amerikèn ap ogmante prezans li an’Ayiti.

Madi, elikoptè ameriken te poze nan lakou Palè Nasyonal la ki kraze pou deplwaye solda e delivre pwovizyon asistans nan Pòtoprens. Byen ta yè madi a, yon "bato-lopital" Lamarinn Etazini, ki genyen 1000 kabann, rive nan kapital ayisyen an. Sekouris transpòte pa avyon sou bato a 2 ti gason ki blese grav e ki dwe sibi operasyon medikal prese-prese.

Nan Nouyòk, Konsèy Sekirite Nasyonzuni an dakò pou'l ajoute 2 mil sòlda ak mil 500 polisye sou plizyè milye twoup mentyen lapè Nasyonzuni ki te deja sou teren an an’Ayiti. Chèf misyon mentyen lapè L'Onu an, Alain Leroy, di sòlda an plis sa yo pral sèvi pou pwoteje konvwa umanitè yo.

XS
SM
MD
LG