Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Clinton Genyen pou l vizite Ayiti


Ansyen prezidan Etazuni, Bill Clinton di li pral vwayaje an’Ayiti demen lendi-a an tan ke anvwaye espesyal Nasyonzuni an’Ayiti. Msye Clinton di Jodi dimanch-la li pral livre pwovizyon sekou-yo e li pral rankontre avek prezidan Rene Preval e ak lot manb nan gouvenman ayisyen-an. Vizit msye Clinton-nan rive nan moman travayè sekou-yo ap lute pou yo distribye manje, dlo ak medikaman bay pèp ayisyen-an ki vrèman nan nesesite.

Responsab Etazuni-yo di espas tou piti ki genyen pou avyon nan ayewopò Potoprens-la retade livrezon pwovizyon sekou-yo . Pèsonèl la marinn amerikèn ap travay pou ranje pò vil-la pou debakman-yo ka fèt pa lanmè.

Youn nan gwo komandan kap supèvize efò sekou-yo sou teren-an an’Ayiti, Lietnan jeneral Ken Keen di travayè-yo konte sou Helikoptè pou pote dlo, manje ak medikaman akoz wout-yo kraze seriezman. Ekip sekou ki soti nan plis ke 30 nasyon kontinye ap chache suvivan anba dekonb bilding ki kraze-yo. Sekouris ameriken ak turk te rale yon ti fi ki gen 7 tan ak 2 lot suvivan anba debri yon supèmache Jodi dimanch-la; 5 jou apré tranbleman de té ki te mezure 7 pwen sou nechel Riktè-a. Depatman deta di sitwayen ameriken ki gen yon paspò valid dwe ale dwat nan auyewopò-a Potoprens-la, si yo vle yo evakye-yo.

Ansyen prezidan Etazuni Bill Clinton ak George W. Bush ap ankouraje ameriken-yo pou yo bay gwoup ki responsab asistans-yo lajan pou ede avek efò sekou-yo an’Ayiti.

Pandan ansyen prezidan-yo tap pale nan emisyon televizyon ki pase Jodi dimanch-la, yo deklare prensipal defi ki genyen la-a se pou yo sumonte pwoblèm enfrastruktu-yo ki finn devaste pou yo ka livre manje, dlo ak asistans medikal bay plizyè santèn milye ayisyen ki blese e ki san kay pou yo rete. Yo di akoz difikilte lojistik ki genyen-yo moun yo dwe bay lajan olye yo vle ale pote konkou-yo kom volontè.

Msye Clinton di Leson kounye-a se nan kesyon lojistik, Oganizasyon, ak kanal distribusyon-yo kid we bati. Lè pa gen oken struktu ou dwe kreye yon struktu; otreman pa gen anyen kap ka kenbe. Pwoblem-nan sèke tout moun wè nan televizyon yon kamyon manje kit e tonbe anba atak , e moun yo tap kouri avek manje pou yo te distribye-a. donk nou dwe gen pasyans. Nou bay militè-yo ak solda L’ONu-yo yon konsa pou yo bati lojistik.

Dezyem bagay-la se kay ki toujou pran twop tan. Se bagay ki pran plis tan.

Donk nou bezwen panse rapid nan pwochen jou kap vini-yo nou pral bay espas pou moun abite nan yon vil ki sanble tankou kote yon bonm nikleyè te frape.

3 zyèm bagay se kenbe pèp-la enfome.

Msye Clinton ajoute Mete enfomasyon-an disponib. Fè rezo radio-yo travay. Fè sistèm telefon pòtab-yo travay ankò. Tou sa pou pèp-la ka pa pè. Mwen jwen ke moun pi fache e yo pi destruktiv ; pa paske yo nan pwoblèm, men paske y o pa konnen sa kap fèt. Yo pa konprann. Plis ke moun konprann sa kap pase yo la-a. Se plis yap ka andure prosesus a lon tèm-nan.

Ansyen -Prezidan George Bush pale sou angajman a lon tèm Komunote entènasyonal-la.

Li di Mwen panse ke li enpotan pou gouvenman ayisyen-an, yon fwa premye stad kriz-la pase pou-l esplike an tèm klè ke lajan-an pral byen depanse. Sove lavi se yon bagay ; asire projè developman a lon tèm e gen yon plan rezonab se yon lot bagay. Prezidan Obama enplike seriezman avek sa e li te di-m ke yo develope yon strateji rezonab ki pral ran ni pi fasil pou yo jwen lajan nan tan kap vini-yo.

Pandansetan, La Kwa Rouj lanse apèl pou mande 100 milyon dola pou finance efo sek ou li-yo pou Ayiti. Gwoup-la di lajan sa-a pral kouvri sekou durjans ak … a lon tèm pou 300 mil moun nan 3 zan kap vini-yo. La Kwa Rouj di kè sote li gen kounye-a se pou bay asistans pou sove la vi moun ki chape an ba tranbleman de tè-yo , men li di sa pap pran tan pou-l konsantre sou distribusyon dlo potab. Yon potpawol La Kwa Rouj , Mathew Cpchrane di gwoup-la gen anpil kè sote sou epidemi maladi dlo provoke ki ka bay dyare.

XS
SM
MD
LG