Accessibility links

Breaking News

Efò Administrasyon Obama a pou l Ankouraje Pwogrè nan Sistèm Edikatif Ameriken an


Prezidan Barack Obama prezante yon pwogram pou fòme yon afè de 100 mil nouvo pwofesè matematik ak syans pandan 5 ane kap vini la yo. Prezidan an --ki bay detay sou pwogram nan yè mèkredi a nan La Mezon Blanch-- fè konnen sa fè pati 2èm faz yon kanpay li te lanse e ki rele "Kanpay Edikasyon pou Chanjman". Misye Obama di –nap site: «Yon evalyasyon montre yon elèv ameriken 15 zan klase 21èm nan syans e 25èm nan matematik, lè ou konpare li ak elèv parèy li atravè lemond. 21èm ak 25èm, wi, mezanmi! Sa se pa yon bagay ki akseptab. »

Daprè prezidan Obama, youn nan rezon ki eksplike pwoblèm sa a se paske pa gen ase pwofesè lekòl o Zetazini. Pandan 5 kan kap vini la yo, peyi a pral bezwen 250 mil pwofesè e anpil ladan yo va gen pou travay nan lekòl kap sèvi elèv ki pòv oubyen ki sòti nan gwoup rasyal minoritè yo. Administrasyon an pral depanse 250 milyon dola pou prepare pwofesè sa yo –kòb sa a ap sòti nan yon patenarya ant gouvènman an ak sektè prive a, an plis angajman gouvènman an te deja pran ane pase a pou l dekese 260 milyon dola pou menm koz la. Men sa Prezidan Obama deklare sou pwen sa a.

« Patenarya sektè piblik/sektè prive pral ofri estaj ak seminè resiklaj pou plis pase 100 mil pwofesè e yo pral prepare plis pase 10 mil nouvo pwofesè nan 5 kan kap vini la yo. »

Prezidan Obama fè anons sa a yè mèkredi a pandan li tap rann omaj pou 100 pwofesè syans ak gwoup kap travay sou edikasyon nan yon seremoni ki te dewoule nan La Mezon Blanch.

Jdesmara@voanews.com
XS
SM
MD
LG