Accessibility links

Breaking News

Ane 2009 la Devan Dèyè


Kalifikasyon la Frans pou faz final koup du mond Afrik du Sud la. Dosye sou kesyon pou konnen eske kourè Sud Afriken Caster Semenya se yon gason ou byen se yon fi, se 2 nan sujè obsèvatè-yo konsidere kòm pwen cho ki te domine aktyalite-a nan mond spòtif la pandan ane 2009.

Vrèman vre Fason la Frans kalifye pou faz final koup du mond Afrik du Sud la gras ak yon blokaj ak men atakan Thierry Henry te fè e ki te debouche sou yon gòl ki bay ekip Raymond Domenèch-la laviktwa kont Irland :se yon aksyon ki te soulve anpil pawòl anpil nan mond foutbòl la. Aksyon Thierry Henry a te fòse obsèvatè yo pale de nesesite pou ta gen plizyè abit sou teren an. Prezidan FIFA a Sepp Blatter di pou kounye a pap gen sa pyès.

Msye Blatter ki tap pale pandan tiraj osò koup du mond la an Afrik du Sud-la, di "nan koup du mond 2010 la ap gen sou teren an yon abit santral ak 2 juj de liy. Nou pap diskite kesyon sa a pou kounye a. Petèt apre nou va konsidere kesyon pou konnen eske nou dwe mete plizyè abit sou teren an ". Match de baraj ant Ejipt ak Aljeri fini nan yon vag vyolans, diskisyon diplomatik ak ekzibisyon santiman nasyonalis , yon match ke Aljeri te finn pa ranpòte sou yon skò 1 a 0.

Je tout fanatik te brake sou Afrik du Sud kote tiraj osò-a tap dewoule pou divize 32 peyi patisipan-yo an 8 group de 4. Ansyen Prezidan Sud Afriken, Nelson Mandela, ki te pale ak delege yo di : "Nou santi nou privilejye e humb an menm tan, deske Afrik du Sud jwen onè pou l tounen premye peyi Afriken kap òganize yon koup du mond foutbòl ".

Nan zòn KONKAKAF la, Etazini fini nan tèt group ekzagonal final la pou l fè 6 zièm vwayaj afile l nan yon koup du mond avèk yon total 9 patisipasyon. Kosta Rika, ki te byen kòmanse ekzagonal final la, elimine apre yon match de baraj ki te mete l fas-a-fas ak Urugwe. Nan koup konfederasyon an, Etazini tonbe an final devan Brezil apre li tap men-nen 2 a 0 pandan pi fò match la.

Sou kontinan Eròpeyen an foutbolè arjanten Lionel Messi ranpòte twofe meyè jwè FIFA pou ane a, apre li te finn ranpòte balon dò Eropeyen an. Barselòn ranpòte 6 tit-li pou ane a: pami yo genyen tit chanpyon Eropeyen an ak venkè final koup du mond klub yo. Foutbolè Brezilyen Ronaldhino ranpòte pri meyè foutbolè pou dekad la. Klub Ukrenyen, Shaktar Donetsk, ranpòte tit koup UEFA a devan klub alman Werder de Brèm. Espay fini ane a kòm numewo 1 mondyal, dapre dènye klasman FIFA pibliye pou ane 2009 la. Bò kote meda m yo, seleksyon nasyonal foutbòl feminen Etazini an fini ane a kòm numewo 1 mondyal.

Ann Ayiti, Asosyasyon Spòtif Kapwa (ASC) ranpòte koup Digicel Super 8 la par fòfè apre Baltimore de Sen Mak pat prezante pou l patisipe nan seyans tir de penalite a. Tounwa Boks ki te dewoule nan vil Gonayiv nan okazyon fèt endepandans peyi a ranvwaye akoz pwoblèm ekonomik.

Nan Coppenhag, prezidan komite Olenpik Entènasyonal la Jacques Rogue anonse vil Rio de Janeiro, o Brezil, seleksyone pou l òganize 31 nièm je zolenpik yo an 2016, malgre demach prezidan ameriken-an, Barrack Obama, te fè a la dènye minit pou vil natal li, Chikago te kapab ranpote distenksyon sa-a.

Nan koup du mond natasyon ki te dewoule nan vil Wòm an Itali an Juyè 2009-la, najè yo bat yon total 43 rekò du mond. Nan chanpyona du mond Atletis la ki te dewoule nan vil Bèlen, an Almay, kourè Jamayiken Usain Bolt, ki jwenn nominasyon-n kòm meyè kourè pou ane a, amelyore pwòp rekò du mond li te tabli nan kous 100 mét ak 200 mèt la. Jamayiken yo domine kous 4 par 100 mèt relè a devan ameriken yo ki te diskalifye. Kourè Etyopyen Kenenisa Bekele ranpòte meday dò-a nan kous 5000 ak 10000 mèt maskilen-an. Atlèt amerikèn Sanya Richards jwenn nominasyon-n kòm meyè kourèz pou ane a.

Pawòl anpil ki te genyen sou kesyon pou konnen eske atlèt Sud Afriken Caster Semenya se yon gason oubyen yon fi --apre li ranpòte kous 800 mèt feminen an--, eben pawol anpil sa-yo ta pral kanpe apre rezilta tès te revele ke misye ou byen manmzèl gen karakteristik seksyèl ki fè wè li se yon fi e yon gason alafwa. An konkluzyon Federasyon Atletik Amatè Entènasyonal la pat pran meday dò a nan men atlèt Sud Afriken an akoz pa gen anyen ki montre li te montre li konsome dròg.

Nan Jimnastik La chin ranpòte kategori maskilen an pandan ke Etazini ranpòte kategori feminen an pandan chanpyona du mond ki te dewoule nan vil Lond, ann Angletè.

Ma p pwofite di tout lektè segman sa a mèsi pou ankourajman yo-- kontinye li atik nou mete sou entènèt la pandan ane 2010 la Bòn ane tout fanatik.

XS
SM
MD
LG