Prezidan Barack Obama deklare gouvènman n nan ap pran tout yon seri mezi pou garanti sekirite Ameriken yo, apre yon sitwayen peyi Nijerya (ki gen 23 zan) te fè yon tantativ pou li eksploze yon avyon Northwest Airlines, nan jou Nwèl la, pandan avyon an tapral ateri Detroit, nan eta Michigan, an sòtan n' nan peyi Oland.
Msye Obama, ki t'ap pale depi Hawaï kote li an vakans, di “pèp ameriken an mèt gen asirans ke otorite yo ap fè tout sa ki nan pouvwa yo pou kenbe popilasyon an an sekirite, sitou pandan sezon aktivite fèt la.”
Prezidan Obama lanse yon pingga bay tout moun ki ta gen nan lide yo pou yo atake Etazini. Prezidan Barack Obama di Etazini pral sèvi ak “tout eleman” nan puisans nasyonal li pou “deranje, demantibile, epi venk” teroris nenpòt kote nan lemond, ki ta vle atake Ameriken.”
Akize nan atanta 25 desanm nan, Umar Farouk Abdulmutallab, fè konnen li te resevwa antrènman nan men ajan al-Qaida, nan peyi Yemen.
Si w ta renmen koute repòtaj la, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.