Accessibility links

Breaking News

Nwèl Nan Bethlehem: Yon Mesaj Lapè ak Lespwa


Jodi a Paj Relijyon VOA a ap mennen nou nan vil Bethlehem, kote Jezi te pran nesans, dapre Labib; kote plizyè milye peleren te pote kole ak Palestinyen ki abite nan zòn nan pou selebre anivèsè nesans Kris la.

Lamès te selebre nan Legliz Nativite a kote koral te chante nan lang arab (sonje ke pifò adoratè yo se te Palestinyen), epi Patriyach Laten Fouad Twal te eksprime solidarite li ak soufrans moun sa yo. Twal se yon Jodanyen k'ap dirije Legliz Katolik nan Tè Sent la. Li deklare nan okazyon Nwèl la: "fòk okipasyon izrayelyèn nan pran fen."

Patriyach la di, "anyen pa chanje. E nou espere, nou swete, e n'ap priye pou ane kap vinian kapab chaje ak lapè, chaje ak sante, ak sekirite e plis konfyans ant tout patnè ki nan rejyon an.

Pa pi lwen ke kèk mèt ak legliz kote mès Nwèl la tap selebre a, plizyè milye peleren tap vizite anplasman, ansyen gwòt, kote, dapre tradisyon kretyen yo, Jezi te fèt nan yon pak bèt.

Deyò a, sou Plas Etab la, se te yon atmosfè fèt. David Begenrief, yon Ameriken ki abite ann Izrayèl depi 25 an, t'ap jwe chan Nwèl klasik "O vini, vini, Emmanwèl, pou w delivre Izrayèl nan esklavaj..." Li di li vin adore Seyè Jezi nan anplasman kote li te pran nesansla.

Nwèl 2009 la nan Bethlehem te dewoule anprezans e ak patisipasyon anpil vizitè, gras ak kalmi ki gen nan vyolans la nan Sisjòdani. Te gen lajwa nan ti vil sa a kote tout istwa a te kòmanse, sa gen plis pase 2 mil ane.

Se pa tout relijyon kretyèn nan ki selebre Nwèl 25 desanm. Kretyen òtodoks yo pral fè sa le 7 janvye, yon jou apre kretyen nan loksidan yo va fin fete Lèwa. Fè klik sou ralonj adwat paj la pou w koute Paj Relijyon an pou dimanch 27 desanm 2009 la.

cdorcil@voanews.com

XS
SM
MD
LG