Accessibility links

Breaking News

Depatman Jistis Etazini Akize Ofisyèlman Eleman Ki Tap Eseye Sote Jou Nwèl la Yon Avyon Northwest Airlines


Otorite ameriken yo akize ofisyèlman nijeryan Umar Farouk Abdulmutallab--23 zan--deske li tap eseye sote yon avyon Northwest Airlines 25 desanm nan pandan aparèy la ta pral' ateri nan vil Detroit, Eta Michigan. Abdulmutallab pretann li se yon ajan rezo teworis Al-Qaida a.

Yon ansyen anplwaye la bank nan Nijerya di li krenn pou sispèk la se pa yon pitit gason l'. Otorite ameriken yo fè konnen mesye a te ale nan anbasad Etazini an (nan Abuja, Nijerya, nan mwa novanm nan) pou di otorite yo "li genyen enkyetid sou konpòtman jèn bway li a".

Depatman Jistis Etazini deklare "bonm" sispèk la te gen sou li abò vòl 253 Northwest Airlines la--ki te sòti nan vil Amsterdam, Oland-- te genyen materyo ki kapab fè gwo dega. Pandan avyon an te preske rive nan ayewopò Detroit la, Abdulmutallab te eseye deklanche bonm nan--men olye li pwovoke yon eksplozyon, se yon dife ki deklare nan seksyon kote li te ye nan aparèy la, dapre gouvènman ameriken an.

Premye analiz ki fèt pou detèmine ki materyo ki te nan bonm nan--selon papye otorite kap mennen ankèt la prezante devan yon tribinal federal nan Detroit--revele li te genyen substans PETN (pentaerythritol) ladan.

Nan papye akizasyon an, Depatman Jistis di apre pasaje ak manm ekipaj la te "metrize" Abdulmutallab, yon otès de lè te mande l' "kisa li genyen nan pòch li la a ? " Repons li : "yon bonm" !

Abdulmutallab lopital kounye a kote lap resevwa tretman pou boule--akòz dife te pran nan janm kanson li pandan li tap eseye limen "fizib" pou deklanche bonm nan. Yon responsab gouvènman an ajans nouvèl Associated Press site di depi omwen 2 zan prevni an te sou lis moun otorite ameriken yo konnen ou sispèk ki genyen kontak ou relasyon ak teworis.

Responsab la mande pou yo pa site non li paske ankèt la ap rapousib.

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG