Accessibility links

Breaking News

Tantativ Atanta Abò Yon Avyon Ameriken Toupre Vil Detroit, Ozetazini


Otorite ameriken yo deklare ti eksplozyon abò avyon komèsyal ki tap sòti Amsterdam pou l' ale nan vil Detroit la, Eta Michigan, (Ozetazini) se "yon tantativ atanta teworis".
Sous ajans sekirite yo di yon pasaje abò vòl 253 Northwest Airlines la -- yon konpayi ameriken Delta ap jere--te eseye amòse yon eksplozif abò avyon an.

Aparèy la ateri san pwoblèm nan ayewopò metwopoliten Detroit la avèk tout 278 ki te abò yo-- pami yo, genyen kèk ki pran chòk men ka yo pa grav.

Responsab anti-teworis yo di sispèk la, Umar Farouk Abdulmutallab-- yon nijeryan 23 zan--ap resevwa swen nan yon lopital Detroit.

Sèten media Ozetazini rapòte Abdulmutallab deklare lap travay pou Al-Qaida, men otorite ameriken yo di li twò bonè pou yo konfime ou demanti reklamasyon sa a.

Bill Burton, yon pòtpawòl La Mezon Blanch, di prezidan Barack Obama pase lòd pou yo pran tout mezi ki nesesè pou ranfòse sekirite nan ayewopò atravè Lèzetazini.

Burton fè konnen Mr. Obama ap suiv sitiasyon an etwatmant depi Eta Hawaï, kote lap pase vakans fen dane yo avèk fanmi li.

Palmantè Peter King, yon gwo manm Komite Sekirite Teritoryal Kongrè a, di chèn televizyon CNN, Abdulmutallab te sòti Nijerya and li genyen non li nan sou lis moun sèvis ransèyman Lèzetazini sispèk ki mele nan aktivite teworis.

Otorite olandè yo diUmar Farouk Abdulmutallab te fè eskal nan ayewopò Amsterdam-Schiphol, kote li anbake abò vòl 253 Northwest Airlines nan ki ta prale nan vil Detroit, Ozetazini.

XS
SM
MD
LG