Accessibility links

Breaking News

Vòt Istorik: Sena Ameriken an Apwouve Yon Plan Refòm nan Sistèm Swen Sante a


Sena ameriken an apwouve byen bonè jodi jedi 24 desanm 2009 la yon plan ki pral pote gwo refòm nan sistèm swen sante a o Zetazini. Rezilta vòt la se : 60 senatè « pou » et 39 « kont ». Plan refòm sa a te pare pou vòt final la nan sena a maten an vè 7 tè, aprè majorite demokrat la nan Gran Kò a te jwenn mwayen, yè mèkredi a e pou yon 3èm jou youn aprè lòt, rasanble 60 vwa ki nesesè pou pèmèt lejislasyon an reziste kont aksyon senatè republiken yo ki mete ansanm pou yo denonse plan an. Lidè majorite demokrat la, Harry Reid (Senatè Eta Nevada) kontan onnpepli poutèt plan an pase move kap sa a; li fè konnen -nap site:

"Nou pral genyen travay pou n fè toujou aprè vòt jedi maten an; men nou va gen pou n panche nou sou travay sa yo lè lè a va rive, kidonk aprè gwo evennman jedi maten an."

Pou Senatè Demokrat, Christopher Dodd, (palmantè eta Connecticut) vòt ki fèt jounen jodiya se yon veritab moman istorik. Misye Dodd deklare :

« Palmantè ki va vini aprè nou yo, va travay sou pwodui nap ba yo la a. Yo va fè l vin pi bon ; yo va fè l vin pi fò. Yo va wè limitasyon nou nan plan sa-a; yo va ajoute sou li, e yo va wete ladan n. Men, yo pa tap janm ka fè sa si. a 7 tè di maten, lavèy Jou Nwèl la, nou pat fè yon travay ki, daprè konviksyon pèsonèl pa-mwen, pral renouvle rèv ameriken an. »

Senatè Judd Gregg (palmatè eta New Hampshire) ak kèk lòt kòlèg akize demokrat yo deske yo manipile chif yo, yo jwe ak estatistik yo pou yo kapab montre plan refòm nan pral pèmèt gouvènman an fè ekonomi ak yon pwogram ki rele Medi-Care, yon program ki la pou ede granmoun aje yo peye pou asirans sante yo. Senatè Gregg deklare –nap site tou :

« Mesye yo jwe yon move jwèt la a; yo manipile fon rezèv MediCare la, e sa pa nan enterè granmoun aje nou yo. Se pitit nou yo ki pral genyen pou peye tout kòb refòm sa a pral koute, paske lajan kap nesesè pou mete plan sa a an aplikasyon, se yon lajan peyi a pap kapab peye. »

Aprè vòt ki pase nan sena a maten an, tou lè 2 chanm Kongrè a pral genyen pou yo travay ansamn pou yo rekonsilye 2 vèsyon menm plan an; paske vèsyon Chanm dè Reprezantan an ak vèsyon Sena a genyen kèk diferans.

Jdesmara@voanews.com


XS
SM
MD
LG