Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin VOA Sou Sekirite Ann Ayiti Nan Peryòd Fèt Fen Dane yo


Polis Nasyonal peyi Dayiti kòmanse aplike depi premye desanm yon plan sekirite nan tèt kole avek Misyon Stabilizasyon Nasyon Zuni (MINUSTAH) pou konbat fenomèn ensekirite a ki vle reprann jarèt nan kapital aysiyèn nan.Nan pwogram Lib Tribin 23 desanm Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, pòtpawòl UN-POL la, komisè Fred Blaise, tokay li nan Polis Nasyonal la, komisè Frantz Lerebourg ak komèsan ayisyen, Romeo Halloun, fè deba sou plan sekirite sa a.

Komèsan an ki kritike danble plan sekirite PNH-MINUSTAH li di ki pa ko bay anken rezulta nan sant vil la kote ti bandi kontinye dechèpiye machan ak moun kap achete. Romeo Halloun ajoute fenomèn ensekirite nan bòd’ mè a pwovoke yon bès nan lavant la pou peryòd fèt la.

2 Pòtpawòl yo, Fred Blaise ak Frantz Lerebourg defann plan sekrite UNPOL-Polis Nasyonal la. Mesye Blaise fè konnen “Check-Point” ak patwouy konjwen yo ogmante nan kapital la. Yo kòmanse bay rezilta. Sepandan Enstitisyon an manke polisye. Fenomèn ensekirite a deja fè 12 viktim pou pipiti depi kòmansman mwad’ desanm nan. Moun sa yo mouri anba men bandi ak zam.

Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute pwogram Lib Tribin Lavwadlamerik la.

jleroy@voanews.com

XS
SM
MD
LG