Accessibility links

Breaking News

Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann: Pratik, Achtè, Founisè, Kliyan, kliyantèl, Machann


Depi kèk tan, anpil oditè ak lektè ekri pou mande’n chita sou yon mo ou plizyè mo pou yo. Mwen panse se yon siy ki montre enterè yo pou pwogram sa a e nou fè posib nou pou nou ba yo satisfaksyon e li bon pou n’ kenbe sa kòm pratik. Se vre, sa pat antre nan pratik nou, men nou kapab toujou chanje pratik, pa vre ? Pa gen pwoblèm ! Kounye a, nou menm oditè kap koute, nou ka pran sa kòm pratik: ekri pou mande n' pase wè yon mo pou nou.

San di pètèt, nou reyalize ke’m sòt anplwaye mo pratik-la nan 4 okazyon... e nan 2 okazyon sou 4 li genyen yon sans diferan. Premye a, kote’m te di li ta bon pou’n kenbe’l kòm pratik: vle di kontinye avèk li, etabli l' nèt al kole pou’n fè sa tout tan, pou’l vinn tounen yon koutim, yon tradisyon.

Dezyèm nan, kote mwen di: sa pa antre nan pratik nou (se plis yon ekspresyon franse) siyifi: se pa abitid mwen. Mwen pa abitue fè sa. Chanje pratik, nou te tande mwen pwopoze a: vle di senpleman chanje abitid. Siman nou konn tande jèn nan nouvel jenerasyon an ap di “ Ah, sa se pratik moun lontan, monchè ! ou ankò se pratik tan lontan ! Pratik sa a genyen sans tradisyon, (moeurs) koutum. Pratik , msye se file mennaj nèg ! ( konprann se koutim, msye) se mès-li, se abitid-li !!! Pratik nan lang kreyòl la genyen tout sans mo franse “pragmatique".

"Monchè, fòk yon nom pratik nan lavi ! mwen se yon nom pratik: mwen di bagay la jan li ye a, mwen pa nan pase pa 4 chemen ! Mwen pou aksyon rapid, efikas, ki fè sans. Lòt sans mo pratik la genyen nan kreyòl ayisyen an, se: Kliyan, kliyantèl.

Li sòti nan ansyen franse (pratique) e li genyen menm sans lan nan lang kreyòl nou an. Defen manman’m, lè li te konn voye Swamiz nan mache, se toujou kote pratik li li voye Swamiz, kit li gen kòb, kit li pa gen kòb. Li te fè pratik ak yon machann e se nan menm’l pou’l achte. Konsa tou, manman’m te pratik machann sa a, paske mo pratik la ale nan de sans. Pou machann-nan, manman’m se pratik li (kliyan li) e pou manman’m, machann pwa bè a se pratik li (founissèz li).

Kidonk, pratik se youn moun yo tabli relasyon komès avèk li (Lèzetazini ak Ayiti se pratik: Sa vle di peyi yo ap fè komès... youn achte nan men lòt: yo se patnè komèsyal, yo fè pratik.

E nan tan defen manman mwen, moun te respekte pratik anpil. E pou montre kouman yo te respekte afè pratik la anpil... yo te menm genyen yon ekspresyon ki di: Pye bèf pou pye bèf, map pran’l kay pratik. sa vli si yo dwe achte menm machandiz la e pi chè pase kote yo konn abitye achte la, yo prefere achte li kay "pratik", kay kliyan, kay founisè abituèl yo.

Se te kreyòl Pale, kreyòl Konprann yon segman Lavwadlamerik avèk Jacques Jean-Baptiste.

Jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG