Accessibility links

Breaking News

Sena Ameriken an Vote 60 Vwa POU e 40 Vwa KONT pou Mete Fen nan Deba sou yon Plan Refòm nan Sistèm Swen Sante a o Zetazini



Sena ameriken an prese mete fen, nannuit yè swa pou leve maten an, nan daba ki tap fèt sou yon pwojè-lwa sou refòm nan swen sante a o Zetazini, nan moman majorite demokrat la ap prese pou li fè apwouve plan refòm nan anvan fèt Nwèl la, 25 desanm kap vini la a. Vòt sou fen deba sou plan refòm nan pase maten an vè 1 nè, ak 60 vwa pou (58 demokrat ak 2 endepandan) e 40 vwa kont (tout se vwa republiken). Se yon plan refòm ki jwenn yon apui total bò kote prezidan Barack Obama ak tout administrasyon n nan, men depute ak senatè repibliken yo pa vle tande pale de sa menm. Kounyela a pwojè-lwa a prale devan Sena a pou yon vòt ki byen kapab dewoule jedi 24 desanm nan, donk lavèy jou Nwèl la. Chanm dè Reprezantan an te déjà pase pwòp vèsyon pa l sou plan refòm nan. Obsèvatè yo atann yo aske kèk negosyasyon solid e dyanm dewoule sou dokiman an aprè Nwèl la, e prezidan Obama kapab siyen n pou l tounen yon lwa byen bonè nan kòmansman ane pwochèn nan.

Kèk moman anvan vot la, lidè majorite a nan sena a, Harry Reid, te li plizyè lèt moun malad te voye ba li pou di kijan li difisil pou yo jwenn swen sante yo bezwen. Misye Reid te li tou yon pati nan yon etid Inivèsite Harvard te fè e ki montre yon ameriken mouri chak 10 minit poutèt yo pa kapab peye lajan lopital ak famasi mande pou swen ak medikaman. Senatè Reid di –nap site:

"Peyi sa a, peyi ki pi gran e pi rich lemond janm konnen, se sèl peyi devlope sou latè kote li posib pou moun mouri paske yo pa gen asirans sante."

Pi gwo lidè repibliken nan sena a, Mitch McConnell, senatè eta Kentucky, rezime opinyon pati li a lè l fè konnen plan refòm sa a ap koute twò chè e li pa pote pyès solisyon pou pwoblèm sistèm swen santé aktyèl la ap konfwonte. Misye McConnell deklare –sitasyon:

"Aswè a nou rive nan fen yon deba nasyonal ki te long anpil. Pasyon yo te monte rive men wotè e se nòmal, paske lejislasyon nap vote aswè a pral gen konsekans sou lavi chak ameriken, li pral fòme avni peyi a e detèmine si pitit nou yo pral gen lajan ase pou yo jere avni nap kite pou yo a. «

Obsèvatè yo prevwa pral genyen kèk deba byen chofe nan kongrè a lè depite ak senatè va genyen pou yo rekonsilye 2 vèsyon plan refòm nan, paske vèsyon sena a vote a genyen diferans ak vèsyon chanm depute a te deja vote anvan sa.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG