Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Nèj Sou Kapital Federal Etazini an, Washington, DC


Kapital federal ameriken an paralize depi samdi maten anba yon kokenn tanpèt nèj ki lage apeprè 25 santimèt poud blanch glase a sou Washington, DC. Se pi gwo tanpèt ki frape vil la pandan yon mwa desanm depi ane 1932, dapre moun kap note pou achiv evènman meteowolojik sa yo.

Otorite minisipal yo dekrete etadijans pou fè fas ak sitiasyon an.

Sèvis Meteowoloji Nasyonal la predi pou rive samdi swa plis pase 30 santimèt nèj kapab kouvri tout kòt nò-ès atlantik ameriken an. Moun kap fè previzyon yo ale pi lwen pou di Washington DC, pou kont li, ka resevwa 60 santimèt nèj.

Nan Eta Virgini, ki osid kapital ameriken an, sòt vandredi pou rive samdi apremidi, 12 santimèt nèj te deja kouvri "Old Dominion" nan.

Responsab yo mete Gad Nasyonal la ann alèt e yo dekrete etadijans.

XS
SM
MD
LG