Accessibility links

Breaking News

Zen nan Tiraj Osò Lig Foutbòl Eropeyen yo


Foutbòl / Tiraj Osò

Tiraj osò faz dechoukaj Lig Chanpyon Eropeyen an dewoule jodi a nan Nyon an Swis. Youn nan rankont faz sa a se Milan AC kap rankontre Manchester United. Real Madrid kont Olympic de Lyon epi Bayern de Munich kont Fiorentina.

Chanpyon sòtan an FC Barselon pral chache sove la fas lè lap rankontre Stuttgart. Pou la premyè fwa match ant 16 patisipan yo ap dewoule nan yon espas de 4 semen. Premye mwatye a ap jwe 16 e 17 Fevriye 2010 epi 9 e 10 Mas. Lòt mwatye a ap jwe 23 e 24 Fevriye e 16 e 17 Mas.

Lòt rankont yo F C Porto kont Arsenal, Olympiakos kont Bordo, Inter de Milan kont Chelsea epi CSKA kont Seville

Nan Lig Eròpeyen an chanpyon an tit la klub Ukrenyen Shakhtar Donetsk kont Fulham. Pral gen yon duèl ant 2 jeyan Eropeyen an Ajax Amsterda m kont Juventus de Turen yon rankont ki raple n final lig chanpyon 1996 la.

Liverpool ki ranpòte chanpyona Eropeyen an 5 fwa kont Galatasaray, PSV Eindhoven ,Hambourg, Olenpik de Marseille, Rubin Kazan ap patisipe nan banbòch foutbòl la.

Atletiko de Bilbao kont Anderlecht, Panathinaikos kont AS Wòm, FC Brugges kont Valencia, Atletico de Madrid kont Galatasaray, Liverpool kont Unirea Urziceni, Hambourg kont PSV Eindhoven, Villareal kont Wolfsburg, Standard de Liege kont Red Bull Salzburg.

Lòt rankont yo ap mete fas a fas Twente kont Werder de Brem, Lille kont Fenerbahce, Everton kont Sporting Klub, Hertha Berlen kont Benfika. Kèk pami klub sa yo te repeche apre yo te elimine nan Lig Chanpyon Eropeyen an.

Venkè group yo ak 4 meyè 3 zièm nan lig group lig chanpyon Eropeyen an pral jwe match retou a a domisil.

FIFA/ Koup du Mond Klub

La tè pral tranble demen Samdi a nan Abu Dhabi, Emirat Arab Uni yo lè FC Barselòn ap rankontre klub Arjanten Estudiantes nan final koup du mond Klub yo.

TAS/ Atletisme

Tribinal Abitraj Spòtif la rejte yon mosyon plizyè kourè ameriken te fè pou yo konsève meday yo te ranpòte pandan je zolenpik 2000 la malgre yo tap kouri ansanm ak Marion Jones ki te teste pozitif pou anabolizan. Tribinal la di lap konvoke pati konsène yo avan li pran yon desizyon.

Tribinal la di Vandredi 18 Desanm nan Komite Olenpik Entènasyonal la nan dwa l pou l pran meday atlèt ameriken ki te patisipe nan kous relè 4 par 100 mèt relè a e 4 par 400 mèt relè a. Komite Olenpik la te pran meday yo an 2008.

Baskètbòl

Portland Trail Blazers remonte yon defisi 15 pwen pou l kale Phoenix Suns 105 a 102. Miami Heat danse sou Orlando Majik 104 a 86 gras a Dwayne Wade ki make 25 pwen epi fè 7 pas ki make pwen. New York Knics tonbe devan Chikago Bulls 98 a 89 malgre yo tap men-nen a 17 pwen. Luol Deng make 24 pwen e John Salmons kore viktwa a ak 20 pwen.

Foutbòl/ Etazini

Indianapolis Colts kontinye ap byen men-nen nan chanpyona Lig foutbòl zèpòl kare ameriken an apre swif 35 a 31 yo pase Jacksonvil Jaguars yè swa. Colts yo gen yon palmarès 14 viktwa 0 defèt pou la premyè fwa nan istwa ekip la. Jacksonvil gen 7 viktwa ak 7 defèt-pozisyon ki rann li difisil pou Jacksonvil kalifye pou sezon final la.

2 konpayi ki abitye patwone final Superbowl la, Pepsi ak Fedex anonse yo pap fè piblisite pandan final la ki fikse pou Fevriye. Ane pase 30 sekond publisite nan final la te koute 3 milyon dola.

Pepsi fè konnen li pral konsantre sou yon nouvo kanpay marketing a patid e entènèt la.

Tennis/ Espay

Albert Costa ap rete kòm kapitèn ekip koup Davis Espayòl la pou yon lòt ane dapre anons prezidan federasyon tenis espayòl la fè. Espay ap kòmanse defann tit li ranpòte ane sa a an Mas 2010 kont la Swis.

XS
SM
MD
LG