Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin VOA Sou Anviwonman


Plis pase 100 lidè mondyal pran 2 semèn nan mwa desanm nan pou fè chita pale nan vil Koppen-hag sou pwoblèm klimatik planèt la ap konfwonte. Plizyè peyi ki te pran angajman nan pwotokòl Kyoto a pou diminye sou emisyon gaz a efè de sèr yo, malerezman, pa fè ase efò. Gen nan yo ki mènm ogmante emisyon gaz sa yo olye yo diminye l’.

Sepandan gen kèk peyi ki kòmanse reyaji pozitivman sou pwoblèm klimatik yo. Lafrans, pa egzanp, deja kòmanse pran kèk mezi pou koupe sou gaz a efè de sèr yo. Li mete yon taks kabòn kap antre an vigè a pati premye janvye 2010.

Lidè mondyal yo supoze jwenn yon akò sou fason pou redui emisyon kabòn nan atmosfè a. Oganizatè konferans Koppen-hag espere jwenn yon antant tou sou yon plan pou finanse efò anti polisyon nan peyi ki twò pòv pou fè travay la pou kont yo.

Sèvis kreyòl Lavwadlamerik la pa rete endiferan fas a situasyon sa a. Nan pwogram Lib tribin 12 desanm nan li te envite 3 ekspè aysiyen, jeològ Jocelyn David ki baze nan eta Florid, Jane Wynne, yon manm FAN (Federasyon Zanmi Lanati) ak byolojis maren, Lucienna Exil ki baze nan Pòtoprens pou fè deba sou wòl peyi sou wout devlopman yo kapab jwe nan efò pou limite chanjman nan anviwonman an.

Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute pwogram Lib Tribin nan.

XS
SM
MD
LG