Accessibility links

Breaking News

Estudiantes Kont FC Barselòn nan Final Koup du Mond Club yo


Foutbòl/ Koup du Mond Club yo

FC Barselòn kale klub Meksiken Atlante 3 a 1 pou l kalifye nan final koup du mond klub yo kap dewoule nan Abu Dhabi nan Emira Arab Uni yo. Lionel Messi, Sergio Busquets ak Pedro Rodriguez make gòl Barselonè yo.Nan final la ki fikse pou Samdi FC Barselòn ap rankontre klub arjanten Estudiantes ki elimine klub Sud Koreyen Pohang Steelers.

Foutbòl/ Donovan

Foutbolè ameriken Landon Donovan siyen yon nouvo kontra 4 tran ak Los Anjeles Galaxy kap pèmèt jwe nan yon klub etranje a tan pasyèl. Gen diskisyon kap fèt pou Donovan ta siyen yon kontra a mwayen tè m ak klub Angle Everton pou l ta jwe pou klub la soti 1 Janvye pou rive 15 Mas.

Etazini ap rankontre Honduras 23 Janvye an preparasyon ak koup du mond Afrik du Sud 2010 la .

Foutbòl/ Eròp

Klub foutball Alman Hertha Bèrlen, klub Angle Fulham, klub grèk Panathinaikos, klub Danwa FC Copenhag ak klub bèlj FC Brugge kalifye pou pwochen tou lig Foutbòl Eropeyen an.

Foutbòl/ Dopaj

Unyon Foutbòl Eropeyen an suspann 2 foutbolè klub CSKA Moskou pou tèt yo pat respekte règleman anti dopaj apre yon match Lig chanpyon mwa pase a. Komisyon disiplinè Unyon Eròp la sispann 2 foutbolè yo pou yon match yo chak.

Sergei Ignaschevich ak Aleksei Berezutski te teste pozitif pou yon substans yo jwen nan midikaman kont grip. Klub la gen pou l peye yon penalite 36 mil dola pou tèt li pa aplike règleman ki genyen sou dopaj.

Siklisme/ Dopaj

Responsab ajans anti dopaj Italyen an mande yon suspansyon 3 zan kont siklis Danilo Di Luca pou dopaj. An plis de sanksyon an komisè a rekòmande pou siklis peye yon amand akoz li te teste pozitif pou uzaj anabolizan. Siklis kontinye ensiste pou l di li inosan.

Baskètbòl

Denver Nuggets suprann Houston Rockets ak yon viktwa 111 a 101 gras ak 38 pwen Carmelo Anthony make. Nan lòt rankont Kobe Bryant reyalize yon panyé pou pèmèt Los Anjeles Lakers ranpòte yon viktwa de justès 107 a 106 devan Milwaukee Bucks nan fen pwolongasyon rankont la. Dallas, Orlando, Atlanta, Cleveland, New Orleans, San Antonio, Indiana, Utah ak Los Anjeles Clippers yo tout ranpòte la viktwa.

XS
SM
MD
LG