Accessibility links

Breaking News

536 milyon Dola: Se Amand Crédit Suisse Ap Peye pou Vyolasyon Sanksyon Ekonomik Kont Iran yo.


Responsab lajistis ameriken yo anonse yè mèkredi a yo rive jwenn yon antant avèk youn nan pi gwo bank ki fè tranzaksyon ak kliyan toupatou nan lemond --an palan de "Credit Suisse"-- kòm rezilta yon ankèt Lèzetazini mennen sou efò Iran ak lòt peyi ap fè pou yo chape anba sanksyon ekonomik Washington mete sou do yo. Poutèt otorite lajistis o Zetazini jwenn Credit Suisse te ede Iran vyole sanksyon yo, bank la dakò pou l peye yon kontravansyon, yon amand ki monte rive 536 milyon dola. Minis jistis ameriken an, Eric Holder, bay detay sou antant la nan yon konferans pou laprès yè mèkredi a nan Washington. Misye Holder di –nap site:

“Credit Suisse, menm jan ak tout lòt gwo bank ki gen tranzaksyon toupatou a travè lemond, byen konnen Lèzetazini pa tap fè okenn tranzaksyon finansye ak moun oubyen konpayi ki nan peyi tankou Iran, Libi, Soudan, Bimani ak Kiba. Sepandan, olye Credit Suisse te respekte lalwa e rejte tout sèvis ak kliyan sa yo, li te tabli yon modèl biznis pou l te pèmèt yo jwenn lajan ameriken pou yo fè biznis yo mache.”

Bò kote pa l, responsab seksyon ki okipe zafè teworism ak finansman pou sèvis sekrè nan Depatman Trezò ameriken an, sou-sekretè-deta Stuart Levey, fè konnen enstitisyon finansye entènasyonal yo fèt pou yo okouran volonte Iran pou l dejwe sanksyon ekonomik yo. Misye Levey deklare -sitasyon:

“Afè sa a ban nou yon leson enpòtan e ki vini alè…yon leson sou fason gouvènman iranyen an ap itilize manti pou l evite sanksyon kap peze sou do l yo… e leson sa a ouvè je nou tou sou le fèt ke bank kap fè biznis ak Iran yo pran risk pou yo mele nan aktivite Iran ap mennen pou l miltipliye zam nan lemond e komèt oubyen ankouraje aktivite teworis.”

Antant gouvènman ameriken an jwenn ak Credit Suisse la mache ak pi gwo penalite, pi gwo amand yon enstitisyon finansye resevwa nan men otorite ameriken ki responsab pou siveye aplikasyon sanksyon Lèzetazini mete sou do lòt peyi. Nap raple amand Credit Suisse pral peye a monte rive 536 milyon dola.

Jdesmara@voanews.com


XS
SM
MD
LG