Accessibility links

Breaking News

Delege nan Konferans sou Klima a nan Kopennhag, nan Dànmak, deja ap Pale de Echèk. 


Tan an ap fin pase e delege nan Konferans sou Chanjman Klimatik yo kap dewoule nan Kopennhag, nan peyi Dànmak, poko ka antann yo sou mwayen pou yo konbat fenomèn nan; genyen kèk delege ki menm lanse avètisman pou di negosyasyon yo kapab echwe. Konferans la --kap dewoule sou patwonaj Oganizasyon Nasyon Zini-- antre jodi lendi a nan 2ém e dènye semèn ni, e lidè ki sòti toupatou a travè lemond ap pare yo pou yo desann nan sant vil Kopennhag pou pati ki pi enpòtan nan rankont la.

Pandansetan, isit o Zetazini, gouvènè Kalifòni an, eta ameriken ki pi peple a, Arnold Schwarzenegger, ap fè presyon pou Lèzetazini pran yon pozisyon lidè nan lit kont chanjman klimatik yo. Misye Schwarzenegger, ki tap pale ak magazin Financial Times, fè konnen –nap site : "Se tap yon bon bagay pou le mond si Lèzetazini ta pran tèt mouvman pou konbat "effet de serre » ki lakoz rechofman planèt la." fen sitasyon. Gouvènè Kalifòni an lanse apèl sa a nan moman Prezidan Barack Obama ap prepare l pou l ale Kopennhag pou l patisipe nan Konferans la. Se konsa kèk manm Kongrè a panse li bon pou yo bay prezidan an kèk konsèy anvan li fè deplasman an. Youn nan palmantè sa yo, se James Inhofe, senatè Eta Oklahoma, ki pa dakò ak lide pou misye Obama ta pran angajman pou l fikse yon dat kote peyi a pral koupe sou emisyon gaz (diyoksid de karbòn) kap monte nan lè a e koze polisyon, san I pa konsilte kongrè a. Men pwòp pawòl Senatè Inhofe :

« Prezidan an pa kapab fè sa. Rediksyon emisyon gaz lap pale a, se sa nou jwenn nan yon pwopozisyon lwa Demokrat yo soumèt, e sa pap ka fèt. »

Youn nan palmantè demokrat senatè Inhofe mansyone yo, se yon depite eta Massachussets ki rele Edward Markey, ki pa ezite defann pozisyon n nan. Depite Markey di –nap site :

« Kesyon ki poze kounyela a, se yon afè de nouvo lwa oubyen règleman ki deja egziste. Puiske nou gen règleman ki deja egziste, ajans ki okipe afè pwoteksyon anviwonnman (EPA) kapab pase alaksyon. »

Ann atandan, jounal Washington Post ekri pou l di Lèzetazini ap prepare l pou l mete yon sòm 350 milyon dola a la dispozisyon peyi ki sou wout devlopman yo pou ede yo resevwa oubyen devlope teknoloji kap pèmèt yo genyen enèji pwòp, ki pap polye atmosfè a.

Jdesmara@voanews.com
XS
SM
MD
LG