Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Yon Gwoup Nan Diaspora a Enskri Plizyè Kandida


Nan eleksyon pou Senatè ak Depite ki fikse pou fevriye ak mas ane k'ap vini an nan peyi d Ayiti, diaspora a pa konte jwe yon wèl obsèvatè sèlman. Vrèman vre, gen sektè nan mitan Ayisyen lòt bò dlo yo ki pral pran yon pa aktif nan kous elektoral la.

Yon òganizasyon kominotè aktivis nan Miami, Florid--ke defen Pè Gérard Jn-Juste te fonde nan ane 80 yo--parèt sou sèn nan ak plizyè douzèn kandida. Prensipal responsab Veye Yo, Lavarice Gaudin, di se pa yon patisipasyon pou lafòm, paske li espere ranpòte syèj e kontribye nan amelyorasyon kondisyon lavi mas pèp la ann Ayiti.

Se youn nan pwen korespondan nou Yves Mompremier devlope nan repòtaj li a ke ou ka koute lè w fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG