Accessibility links

Breaking News

Ayiti Ensekirite : 3 Moun Mouri Nan Pòtoprens


Achitek, òm dafè ayisyen, Jean-Michel Ligondé, ak madam li, Maryse Lindor, jwenn lanmò yo nan apremidi 11 desanm apre yo te fèk kite magazin yo, Luck Family, nan sant vil Pòtoprens. Yon anplwaye yo mouri tou apre bandi sou motosiklèt te finn ouvè kout zam sou yo. Asasen yo te rive sove ak tout valiz madam Lindor.

Lapolis ki te entèvni sou sèn krim nan fè 2 arestasyon pou ankèt e sezi 3 revolvè kalib 9 milimèt. Krim sa a pòte a 7, kantite mounn ki viktim zak ensekirite nan peyi a nan lespas yon semèn. Sa pa gen lontan pòtpawòl polis la, Frantz Leurebourg te anonse aplikasyon yon plan enstitisyon an genyen pou sekirize anvironman magazin yo ak bank yo pou peryòd fèt fen ane a.

mounn kap reaji sou remonte klima ensekirite asosye zak banditis yo avèk peryòd fèt fen dane yo. Sepandan, gen kèk lòt moun ki bay krims sa yo yon koulè politik akoz peryòd elektoral la.

Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute repòtaj Clarens Renois a.

jleroy@voanews.com

XS
SM
MD
LG