Accessibility links

Breaking News

Ritm Karayib-Lady Ponce, Rèn Mizik Bikut-si Cameroun nan


Lady Ponce, envite nou nan Ritm Karayib 11 desanm 2009 la, se yon chantèz peyi Kamewoun (Cameroun) --bèso ritm Makossa a sou kontinan afriken an e ki te tande eko li ap rezonnen jouk nan lakou peyi Dayiti nan ane 70 yo. Men miss Ponce, ki fè pati nouvo jenerasyon atis Camerounè yo, pa jwe Makossa. Li se yon atis Bikut-si, yon lòt ritm andyable kamewounè e kap vale teren pi plis chak jou nan Cameroun ak nan lòt peyi afriken yo.

Ritm Bikut-si gen rasin li plante nan kilti ak tradisyon kominote Beti a yo estime ki gen 1 milyon abitan avèk twa gwoup etnik: Ewondo, Bulu ak Eto. Bikut-si se non tou yon dans tradisyonèl fi nan Kamewoun. Yo jwe e danse Bikut-si nan Sant ak nan Sid peyi a.

Bikut-si se yon mo Ewondo ki vle di batman tè a. Bikut:pulsions, battements. Si: terre. Les pulsions de la terre.

Jan nou pral tande li nan segman Serge Rodriguez la, Bikutsi tounen youn nan fòm ekspresyon kiltirèl pi popilè nan Kamewoun. Jounen jodi a, Bikut-si ap taye zèb anba pye mizik Makossa a--ki, jiskaprezan, rete ritm nimewo atravè peyi a.

jbjacque@voanews.com edite e korije dokiman sa a.

XS
SM
MD
LG