Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin VOA Sou Ansefalomyelit--Maladi Kochon


Maladi medsen veterinè yo rele Ansefalomyelit pòsin, maladi techen ou ankò maladi ren kase touye anpil konchon nan plizye depatman jeografik peyi Dayiti. Viris Ansefalyomelit la ki te kòmanse fè ravaj nan elvaj pòsen depatman Latibonit deja pwopaje nan Lwès, Sid, Sidès, Nò-Dwès. Direksyon Veterinè a nan Latibonit kòmanse evalye epidemi sa a ki koze anpil pèt ekonomik pou peyizan yo e pou peyi a.

Direktè Seksyon Sante Animal ministè agrikilti peyi Dayiti, doktè Max Milien, envite Pwogram Lib Tribin Lawadlamerik 9 desanm nan, fè konnen ministè a ap fè demach pou l’ jwenn yon vaksen kont maladi Ansefalomyelit—maladi ren kase a. Pou kounye a, responsab ayisyen yo ap motive popilasyon an sou fason yo kapab evite pwopagasyon viris la ki bay kochon yo lafyèv ak paralizi avan l' touye yo.

Doktè Milien presize kretyen vivan paka atrap maladi ansefalyomelit la. Sepandan li ta pi saj pou yo byen kwit vyan kochon kontamine an sizoka yo ta gen pou yo manje l. Madagascar se sèl peyi Afriken ki rekonèt ofisyèlman li gen viris Ansefalomyelit la sou teritwa li. Yo te dekouvri maladi sa pou la premyè nan peyi Tchekoslovaki nan komansman ventyèm syèk la. Yo ta pral jwenn li an Angletè nan ane 1950 yo.

Pou koute Pwogram Lib Tribin nan klike sou ralonj ki anlè e adwa paj web la.

jleroy@voanews.cm

XS
SM
MD
LG