Reprezantan plis pase 190 peyi ap rankontre jodi lendi a nan Kopennhag, kapital peyi Dannmak, pou yo patisipe nan pi gwo konferans mondyal ki janm dewoule sou chanjman klimatik yo. Objektif konferans sa a kap dire 2 semèn, se chache kontwole emisyon diyoksid kabòn ki ta responsab rechochman Planèt Tè a,daprè espesyalis yo. Prinsipal otorite nan l'ONU pou pwoblèm klima, Yvo de Boer, te pale yè ak laprès pou l di li lè, li tan pou responsab yo pase alaksyon. Nap site
«Lè a rive…. Pandan 2 semèn kap vini la yo, gouvènman yo fèt pou bay yon repons fò e a lon-tèm pou defi chanjman klimatik yo reprezante.»
Objektif la se pou dirijan peyi patisipan yo ta rive jwenn yon akò pou yo redui kantite gaz kabonik kap monte nan lè a, paske se gaz sa-a ki, jan n di l deja, responsab rechofman atmosfè a. Sepandan kesyon ki poze yo, se konnen ki peyi ki pral koupe sou emisyon gaz la, ki kantite pou yo koupe, kilès kap peye pou sa e konbe kòb sa pral koute. Misye de Boer di li gen anpil espwa, malgre gen lòt kesyon toujou ki poko jwenn repons.
« Pandan negosyasyon sou chanjman klimatik yo kap dewoule depi 17 tan deja, se premye fwa tout peyi sa yo pran angajman fèm konsa pou yo travay ansanm sou kesyon an. »
Akoz prezans lidè tout peyi sa yo nan konferans la, e sitou akoz angajman patisipan yo pran pou yo travay sou pwoblèm yo, sa fè rankont Kopennhag la reprezante yon tounan nan rechèch solisyon pou rechofman Planèt la. Yon rezidan vil-la di li espere dirijan yo va atache anpil enpòtans nan pwoblèm chanjman klimatik yo poze. Bò kote pa l, yon gwo otorite nan Oganizasyon Nasyon Zini, ki mete konferans Kopennhag la sou pye, pale pou l di l'ONI lanse apèl pou l mande 30 milya dola kòm asistans pou ede peyi pòv yo nan efò yap fè pou yo patisipe nan lit kont rechofman Planèt Tè a.
Jdesmara@VOANEWS.com