Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Satisfè Repons l'OTAN aprè Prezidan Obama Anonse yon Nouvo Plan pou Lagè a nan Afganistan


Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, fè konnen li jwenn ankourajman nan le fèt ke peyi alye Lèzetazini yo nan l'OTAN bay yon bon jan repons pou plan Prezidan Barack Obama genyen pou l voye plis sòlda nan Afganistan. Byen bonè jodi vandredi 4 desanm 209 la, chèf diplomasi amerikèn nan debake nan vil Brusèl, nan Bèljik, kote li pral rankontre al kòlèg li yo nan l'OTAN e ak Sekretè Jeneral Alyans Atlantik la, Fogh Rasmussen. Pandan Madam Clinton te nan avyon ki tap mennen n an Ewòp la, li di laprès li atann ni aske peyi-manm l'OTAN yo kòmanse anonse ogmantasyon nan twoup militè yo genyen nan Afganistan apatide jodi vandredi a menm, daprè konvèsasyon li te genyen pandan semèn nan avèk minis afè etranjè 25 peyi. Nap site :

"Nou tout byen konprann enpòtans misyon Prezidan an te detaye a. Volonte nou se pou nou kapab eksplike misyon sa a pou piblik divès peyi epi chache asire nou, nan kowalisyon gouvènman nou yo, zetwal politik yo twouve yo byen aliye e sou menm nivo, yon fason pou n kapab anonse plis angajman nap pran ansanm. Sa ban nou gwo satisfaksyon."

Byen bonè yè jedi a l'OTAN te anonse yon afè de 20 peyi-manm gen plan pou yo voye 5 mil sòlda an plis nan Afganistan. Lè laprès te poze Sekrètè Deta Clinton kesyon sou mezantant ki genyen nan milye politik yo o Zetazini konsènan yon kalandriye Administasyon Obama a ta genyen pou retè sòlda yo nan Afganistan, li reponn pou l di Washington pap anvizaje okenn retrè presipite, okenn sòti anvan lè nan Afganistan. Sou pwen sa a Madam Clinton deklare :

« A pati de 2010 nou va pare pou yon transfè responsab dosye sekirite a nan men lame peyi Afganistan an ; men sa pral baze sou kondisyon yo, jan nou va evalye yo lè moman transfè a va rive. Pou le moman map di, yon fwa 2010 rive, nou pa pral kouri kite peyi a. Sa n vle di sè ke nou pral opere avèk tout prekosyon e tout aksyon kap nesesè; men an 2010 nou atann nou aske nap kapab pase mayèt sekirite a bay yon lame afgan ki amelyore e ki genyen yon pi gwo efektif.»

Nan semèn nan Prezidan Barack Obama te bay detay sou nouvo estrateji administrasyon n nan genyen pou lagè a nan Afganistan. Daprè estrajeji sa a Lèzetazini pral voye yon ranfò 30 mil òm nan peyi azyatik la, sa kap fè efektif militè ameriken kap sou teren an laba a ap monte rive anviwon 100 mil sòlda.

Jdesmara@vaonews.com

XS
SM
MD
LG