Daprè Sosyete Amerikèn Kansè, kansè pwostat se yon maladi ki kòmanse devlope lakay gason yo apati de 50 an. Se moun ras nwa ki soufri pi plis ak maladi mòtèl sa a.
Yon move rejim alimantè, konsomasyon alkòl ak sigarèt se kèk pami faktè ki kontribye nan devlopman maladi a ki ka genyen yon orijin jenetik tou. Souvan, Kansè pwostat devlope preske san okenn sentòm ki anonse l.
Nan pwogram Lib Tribin 2 desanm nan, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la envite 2 medsen ayisyen (Jn-Robert Chéry ki nan New York ak tokay li Jn-Jumeau Batsch ki ann Ayiti) pou ede oditè ak entènot li yo byen konprann maladi pwostat la.
Ekspè medikal yo te mete aksan sou prevansyon ak tretman kansè pwostat la.
Klike sou ralonj ki adwat e anlè paj web la pou koute Pwogram Lib Tribin Lavwadlamerik la.