Accessibility links

Breaking News

Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann: Batri, Batterie, Maji, Pil, Wanga, Sortilège


Depi sezon frèt la ap vanse moun ap fè preparasyon pou evite youn nan pi move enprevi ki kapab rive yo. Tankou li rive souvan nan epòk sa a, ou ka leve demen maten, monte nan otomobil ou epi lè ou pase kle ou (kap voum, voum, voum) e men machinn nan ki refize stat---konprann li pa ka demare paske batri a dechaje, li pèdi chaj.

Donk, yon nonm dwe toujou ranje kabann li anvan dòmi nan je li (pou'm repete yon vye dikton peyi lakay). Nou pa bezwen tann espesyalis meteyo anonse move tan pou'n genyen yon vye booster, Konprann yon chargeur-démarreur, nan otomobil nou, ni batri lakay nou pou sizoka gen blakawout, paske evite miyò pase mande.

Batri, nap pale la a se pil òdinè nou konnen nan peyi Dayiti yo. Genyen tout typ C-D-A. doub AA, trip AAA e menm pil 2 tèt---ki preske finn pase mòd. Mwen te di l talè a, yon pil se yon batri, men yon batri pa yon pil, malgre se preske menm prensip la, menm teknik la, fabrikan yo anplwaye pou fabrike yo.

Si demen maten ou leve machinn ou pa ka demare se paske "la batterie est à plat" (fredi plat kawotchou batri a) li dechaje. Lè li dechaje, pa gen anpil bagay ou ka fè ke rechaje li oubyen mande yon kanmarad (si ou jwenn li) ba ou yon booster, depane ou.

Men mo batri a genyen anpil lòt sans an kreyòl. Pa ekzanp, depi'm jenn gason, mwen konnen Herman Nau, Tuco Bouzi ap bat batri, ap jwe batri. Batri sa a, se yon enstruman muzik pou make tempo ak ritm muzik la.

Sepandan, menm lè nou rele mizisyen ki bat batri yo: batrimann, sa pa vle di ke yo kapab "repare yon batri machinn pou nou, ki se travay tou yon lòt batriman---nèg ki gen eksperyans nan repare selul batri yo.

Men batterie tou (an franse): se yon eskonbrit kout pwen, kout pye kap voye. Se yon batay, se lè yon eleman kenbe ou "li wonpi ou, kale ou, byen kale. Nan ka sa a li fè vwa'd fè sou ou.

Nan tan 60-70, gouvènman Duvalier a te mete yon batri anti-aeryèn sou lakou devan palè nasyonal la. Zam sa a, ke yo rele DC-a, se yon batterie anti-aérienne ki la pou desann avyon ki ta vinn pou atake, bonbade palè a.

Men batri genyen sans tou tout ustansil, tout veso nou rankontre nan kuizinn lakay nou. Yo rele sa battri kuizin. Tande sa, eske nou konnen yon jou chen te dòmi nan fwaye dife nou, lakay. A, a, a (mwen ri sa) !

Devine poukisa ? paske yon vòlè te pase nan nuit e'l pati ak tout batri kuizin yo... menm jan mwen te wè bèl bebe nan mitan ane a ki manke pati ak nanm mwen.

Moun ki konnen mwen byen, di se pa posib, se pa posib ! se yon Batri siman fanm monte si l' rive pran tèt mwen konsa.

Batri sa a sòti nan ansyen franse. Li vle di mwayen ou anplwaye pou atenn yon objektif ou pou'w fè yon plan ou yon bagay echwe. Enben se preske menm sans lan li genyen nan kilti ayisyèn nan an kreyòl. Li vle di "un ensemble de sortilèges". An bon kreyòl: maji, ak wanga fanm nan fè pou mwen.

jbjacque@voanews.com


XS
SM
MD
LG