Jodi Madi premye desanm nan se Jou Mondyal Lit kont SIDA. Nan okazyon an Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS) mete sou pye tout yon seri pwogram pou li atire atansyon sou nesesite pou tout moun nan tout peyi (dirijan kou senp sitwayen) pran maladi a ak viris ki bay li a (VIH-SIDA) o serye. Isit o Zetazini, otorite nan gouvènman nan, manm Kongrè a ak yon gwoup militan kap patisipe nan lit kont maladi a, te reyini nan La Mezon Blanch lendi 30 novanm nan pou yon deba sou efò Prezidan Barack Obama ap deplwaye pou l kore efò kap fèt pou lit la avanse.
Pami pèsonalite ki pran lapawòl nan okazyon an, te genyen chèf diplomasi Lèzetazini an, Hillary Clinton. Madam Clinton, ki raple desizyon gouvènman Obama a fèk pran pou l wete entèdiksyon ki te anpeche etranje ki gen SIDA vizite peyi a, te pwofite pou l anonse Lèzetazini pral òganize yon konferans entènasyonal sou SIDA pou l montre gwo angajman li pran pou l jwe yon wòl lidè nan lit kont malady a a travè lemond.Nap site:
"Jodiya se yon plezi pou m anonse, avèk eliminasyon entèdiksyon an, kominote entènasyonal kap travay sou VIH/SIDA a pral òganize konferans mondyal sou SIDA pou ane 2012 la nan Washington DC."
------------------------------------------------------------
Tankou nou di sa deja, divès aktivite pral make Jounen Mondyal SIDA a jodi madi a. Nan peyi Dayiti anbasadè ameriken an, Kenneth Merten, fè sòti yon deklarasyon kote li bat bravo pou efò peyi a deplwaye ak pwogrè li reyalize deja nan lit kont VIH/SIDA. Anbasadè Merten raple Plan Ameriken Dijans pou Rediksyon SIDA a --abreje angle "PEPFAR"--se pi gwo angajman gouvènman ameriken an janm pran nan tout istwa li pou l lite kont yon malady. Diplomat la atire atansyon sou kontribisyon pèp ayisyen an nan viktwa enpòtan yo ranpòte deja sou SIDA.
Sòti nan ane 90 yo pou rive jounen jodiya, to prevalans VIH la ann Ayiti tonbe nan 2 vigil 2 pousan popilasyon an. E, tankou Anbasadè Merten di sa a, Ayiti se yon lidè mondyal nan lit kont VIH-SIDA e li di Lèzetazini fè peyi a konpliman pou siksè sa a. Kenneth Merten fè sonje nan 5 ane ki pase yo Lèzetazini envesti plis pase yon demi milya dola, atravè PEPFAR, pou li ede Ayiti nan domèn lasante a. Anbasadè ameriken an pwomèt kowoperasyon sa a pral kontinye.
Jdesmara@vaonews.com