Accessibility links

Breaking News

1e Desanm: Jounen Mondyal SIDA--Nouvo Direktiv OMS


Divès aktivite pral make demen 1e desanm nan Jounen Mondyal SIDA a. Nan okazyon sa a, anbasadè ameriken an ann Ayiti, Kenneth Merten, fè soti yon deklarasyon kote li di plan ameriken lanse pou redui SIDA a--PEPFAR—se pi gwo angajman gouvènman ameriken an janm’ pran nan tout istwa li, pou lite kont yon maladi.

Anbasadè Merten souliyen kontribisyon pèp ayisyen an nan viktwa enpòtan yo ranpòte deja sou maladi a. Soti nan ane 90 yo pou rive jounen jodi a, to prevalans VIH la ann Ayiti tonbe nan 2,2 pousan popilasyon an. E, tankou diplomat la di l’, Ayiti se yon lidè mondyal nan lit kont VIH-SIDA. Etazini salwe siksè sa a. Anbasadè ameriken an Kenneth Merten, raple ke Etazini deja envesti plis ke yon demi-milya dola, atravè PEPFAR, nan 5 ane ki sot pase yo, pou ede Ayiti nan domèn sila a, e kooperasyon sa a pral kontinye.

Lavey Jounen Mondyal lit kont SIDA a, Oganizasyon Mondyal Lasante pibliye kèk nouvo direktiv pou tretman ak prevansyon VIH, virus mòtèl ki bay maladi SIDA a. Nouvo direktiv yo mande pou moun ki enfekte yo kòmanse resevwa medikaman anti-viral yo pi bonè, lè yo ka poko montre okenn sentòm.

Direktè Enstiti Nasyonal Ameriken pou Alèji ak Maladi Atrapan yo, Anthony Fauci, dakò.
Doktè Fauci deklare, "gen prèv yo kolekte pandan ane ki sot’ pase yo e ki demontre ke pi bonè tretman an kòmanse, se plis chans pasyan an ap genyen pou li viv pi lontan e pi an sante."

Doktè Fauci ajoute ke "OMS ap amelyore rekòmandasyon li te fè deja yo, pou li kouvri plis moun pi vit, nan yon faz kote sa ka gen yon enpak pi konsiderab sou sante moun ki konsène yo."

Dapre chif ofisyèl, gen apeprè 33-milyon-400-mil moun nan lemond kap viv ak virus SIDA a nan kò yo e gen 2-milyon-700-mil ki trape virus la chak ane

XS
SM
MD
LG