Accessibility links

Breaking News

Tanpèt de Sen Mak Ranpòte Tit Chanpyon an


Ayiti / Foutbòl

Tanpèt de Sen Mak kale Racing Klub Haitien 3 a 1 Dimanch 29 Novanm nan Stad Sylvio Cator pou-l tounen Chanpyon dè chanpyon.

Chanpyona Super 8 la ke konpayi telefòn Selulè Digicel patwone ap demare 2 Desanm lè Asosyasyon Spòtif Kapwa ap akeyi Racing Klub Ayisyen. Nan vil Sen Mak Baltimore ak akeyi Kavali de Leogan. Tanpèt de Sen Mak ap jwe an deplasman lakay ASCAR nan Park Edouard Baker epi Vyolèt Atletik Klub ap akeyi Asosyasyon Spòtif Mirbalè nan kar de final la. Match retou a fikse pou 6 Desannm.

Venkè yo ap kalifye pou semi final la. Final la, kap jwe nan yon sèl rankont ap dewoule 20 Desanm nan stad Sylvio Cator.

Pou demare chak ekip yo ap resevwa 1000 dola. Semi finalis yo ap resevwa 2 mil dola. Venkè edisyon ane sa a ap resevwa 10 mil dola epi klub ki klase 2 zièm nan ap resevwa 5 mil dola. Meyè butè ak meyè jwè a ap resevwa 500 dola.

HAITI JUDO

Dabò Ayiti soti 3e dèyè Republik Dominikèn ak Brezil nan okazyon chanpyona panameriken judo enfantil ak chanpyona Ibero-Ameriken judo enfantil-la ---konpetisyon ki te dewoule samdi 28 e dimanch 29 novanm nan Santo Domingo. Nap siyale Wendy Paul ranpòte 2 meday dò nan kategori A 40 kilo, Sendy Marcellus 2 meday dajan, Makes Mibel , yon meday dajan e yon an bwonz; Vladimir Jean-Baptiste 2 meday Bwonz e Dieunel Deristel , yon meday bwonz.

FIFA/ Koup du Mond

Prezidan FIFA a Sepp Blatter anonse li pral konsidere posibilite pou ajoute sou teren an kèk lòt abit pou ede dirije pwochen koup du mond Afrik du Sud 2010 la.. Msye Blatter ki tap pale jodi a di erè ki komèt pandan match kalifikatif monte nesesite pou abit yo gen plis asistans sou teren an.Komite ekzekitif FIFA a pral òganize yon reyunyon ekstraòdinè Mèkredi 2 Septanb nan Cape Town pou diskite si wi ou non yap rekòmande lòt ofisyèl sou teren an.

FIFA kapab fè deba ant sèvi ak teknoloji ki sèvi nan televizyon ou byen ajoute lòt ofisyèl sou teren an.. Prezidan Sepp Blatter kont lide pou sèvi ak teknoloji televizyon tankou replay pou rezoud pwoblèm ki ta genyen pandan dewoulman yon rankont. Msye Blatter di plase yon abit dèyè chak kan, ki te sèvi kòm yon eksperimantasyon nan Lig Eropeyen an kapab solisyon an.

Foutbòl / Balon Dò

Anpil suspens pou Balon dòr-la pou ane-a . Gen 4 jwè nan Barselòn ki sou lis 10 kandida pou disteksyon sa-a an plan de : Lionel Messi (Ajantinn) Zlatan Ibrahimovic(Sued) Andres Iniesta ak Xavi Hernandez moun peyi Espay . Ansyen baselonè , kamewounè Samuel Eto'o kap jwe nan Milan AC figire nan lis finalis-yo . Lòt 5 jwè yo se : ivwaryen Didier Drogba, anglè Steven Garrard ak Wayne Rooney, brezilyen Kaka ak pòtugè Christiano Ronaldo .

Rezulta-yo se pou madi 1 Desanm.

FIFA/ Irland

Nouvèl ki soti nan FIFA , fè konnen ekip Iralnd ki elimne apre aksyon polemik kote fransè Tierry Henri te touche bopul ak menl-man –sa ki alkoz Iraland pran gòl e elimine tou. Irland mande pou yo chanje fòma Mondyal-la pou-l ka 33 e kalifye-a. Se komite egzekutif-la ki pral di dènye mo-a.

Foutbòl/ Eròp

Ann Espay, nan klasik jounen FC Barselòn kale Real Madrid 1-0 pou-l detwone madrilèn-yo e pran premyè plas-la. Angletèr, Tchelsi kale Arsenal 3-0 pou genyen 12 pwen davans. Ann Itali Inter de «Milan kale Cante 1-0 pou konsolide premye plas-li

Tennis/ ATP

Rus Nikolay Davydenko ranpòte Masterz Londr-yo apre li kale an final chanpyon Us Open Juan Martin del Potro . Davidenko, numewo 7 mondyal-la , ki te elimine numewo 1 mondyal-la Roger Federer, kale Del Potro Dimanch 1 Desanm an 2 sèt : 6-3, 6-4 .

Serena / Sanksyon

Federasyon tenis entènasyonal la frappe Serena Williams yon amand 82 mil 500 dola pou pawòl piman bouk li te di yon ofisyèl pandan tounwa tenis US Open 2009 la. Serena kapab resevwa yon suspansyon pou touwna US Open nan s il tonbe nan yon lòt pwoblèm nan nenpòt tounwa Gran Shelem pandan 2 pwochèn ane yo. Amand la kapab menm double dapre administratè tounwa tenis Gran Shelem yo. Serena Williams te déjà gen pou l peye Asosyasyon tenis Ameriken an yon amand 10 mil dola an Septanb 2009.

Baskètbòl / NBA

Anpil rankont te dewoule yè swa nan NBA-a . Dabò New Jersey Nets subi 17e defèt afile-yo . Li tonbe devan Los Angeles Lakers 106-87. Kobe Bryant make 30 pwen nan viktwa LA-a. Minnesota Timberwolves kale Denver Nuggets106-100. Viktwa Phoenix Suns sou Toronto Raptors 113-94. Lòt venkè pou sware-a Celtics, Clippers, Pistons, Magic, Spurs, Rockets and Kings.

XS
SM
MD
LG