Accessibility links

Breaking News

Amerik Latin: Konsèvatè Porfirio Lobo Prezidan Eli Honduras E Uruguay Eli Nan Menm Pòs la Jose Mujica...


2 nouvo lidè pral monte sou pouvwa a nan Amerik Latin nan ane kap vini an apre eleksyon prezidansyèl ki dewoule dimanch 29 novanm nan nan Honduras ak Uruguay. Nan Honduras konsèvatè Porfirio Lobo (Pati Nasyonal) ranpòte eleksyon an sou rival li, Elvin Santos, kandida Pati Liberal la e vis prezidan lidè depoze Manuel Zelaya.

Nouvo eli a pwomèt pou l' travay pou l' retabli relasyon ak plizyè peyi nan lemond ki pran distans yo ak Honduras apre evènman 28 jen an--evènman ki te debouche sou egzil prezidan Zelaya. Mesye Lobo pwomèt pou l kreye plis travay nan peyi Amerik Santral la.

Prezidan depoze a, Manuel Zelaya (ki toujou nan anbasad Brezil la nan Tegucigalpa) di : "antanke prezidan Honduras li deklare eleksyon an pa gen lejitimite".

Nan Washington, DC, Depatman Deta ameriken deklare eleksyon prezidansyèl Honduras la se yon pa ki fè sans, men li pa ase, pou mete fen nan kriz politik ki te koumanse nan mwa jen dènye a avèk dechoukaj prezidan Manuel Zelaya sou pouvwa a. Otorite ameriken yo pa di yo rekonèt kandida opozisyon Porfirio Lobo kòm pwochen prezidan peyi a.

Depatman Deta di eleksyon an te satisfè nòrm entènasyonal pou deklare vòt la te onèt e klè... e li felisite misye Lobo pou sa li kalifye kòm "yon bèl viktwa".

Men nan menm moman tou, li pa rekonèt ofisyèlman misye Lobo kòm pwochen prezidan nasyon santwo-ameriken an... e li ajoute Honduras dwe franchi etap ki nesesè nan direksyon rekonsilyasyon politik anvan l' sòti nan izòlman ranvèsman prezidan Zelaya lage li depi dat 28 jen 2009 la.

Sou yon lòt fwon--fwon urugeyen an fwa sa a--Jose Mujica, 74 ans, (yon ansyen lidè geriya) ranpòte dezyèm tou eleksyon prezidansyèl la nan peyi sid-ameriken an. Ansyen rebèl gochis la bat ansyen prezidan Luis Lacalle ki aksepte defèt li nan konpetisyon elektoral la.

Mesye Mujica se kandida koalisyon Frente Amplio (Front Élargi-Fwon Laj)---yon koalisyon ki, pou anpil urugweyen, reprezante yon referans pou kwasans ekonomik li pote nan peyi a gras ak politik prezidan sòtan an, Tabare Vazquez. Mesye Vazquez, ki rive nan fen manda li, gen yon popularite ki depase 60 pousan. Sepandan, Konstitusyon Uruguay a anpeche l' poze kandidati li pou yon nouvo manda.

Jose Mujica ap prete sèman premye mas 2010. Li genyen yon manda 5 kan e li pral dirije avèk yon majorite nan palman an.

Pou koute repòtaj sou 2 eleksyon sa yo ki te dewoule dimanch 29 novanm nan klike sou ralonj ki anlè e adwat paj la.

Redaktè: jbeliz@voanews.com

Korektè: Jacques Jean-Baptiste (jbjacque@voanews.com)

XS
SM
MD
LG