Accessibility links

Breaking News

Aksidan Yon Tren Gran Vitès Nan Larisi: 26  Moun Mouri, 50 blese


Otorite jidisyè Larisi (La Russie) lanse yon envestigasyon kriminèl sou tren pasaje ki deraye vandredi toupre vil Bologoye, kote 26 kretyen-vivan jwenn lanmò-yo e plis pase 50 lòt

blese. Komisyè gouvènman yo deklare “ankèt la kapab debouche sou akizasyon teworism”, men jiskaprezan yo pa idantifye okenn sispèk. Anvan sa, otorite ris yo te fè konnen se yon bonm kin te pwovoke derayman “tren rapid" (Nevski Express) toupre vil Bologoye. Lokomotiv la te sòti Moskou pou’l ale nan vil St. Petersbourg.

Afghanistan-Grande Bretagne

Premye minis britanik la, Gordon Brown, anonse La Grande Bretagne pral òganize ane kap vini an yon konferans entènasyonal sou Afghanistan e ki pral prezante grann liy sou kondisyon pou twoup entènasyonal yo remèt “responsabilite sekirite peyi sa a bay otorite afghan yo. Misye Brown fè anons lan samdi akote Sekretè-jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon pandan Somè peyi Commonwealth yo nan zile Trinite & Tobago.

Premye minis Brown di alye l’Otan yo, prensipal pisans mondyal e rejyonal yo ap prezan nan Konferans Londres la, ki fikse pou 28 janvye 2010.

Arabie-Saoudite/Pèlrinaj anyèl mizilman yo

Plis pase 2 milyon Mizilman ap boukle fen Hajj la, yon rityèl ki fè pati selebrasyon pelerinaj Eid Al-Adha—fèt sakrifs patriyach Abraham nan) nan Arabi Saoudite. Pèlren nan vil Sent sa a te kalonnen 3 pilye anwòch (ki reprezante Santan)---yon rityèl ki tanmen depi vandredi nan vil sent La Mecque e kap bout dimanch.

Tout mizilman sipoze patisipe nan seremoni Hajj la omwen yon fwa nan vi li. Kounye a, otorite saoudyen yo ap pare yo pou ekzòd pèlren yo, lè yo pral kite vil Sent lan. Nouvèl yo pa rapòte okenn gwo ensidan jiskaprezan, nan festival la ki rive sou 3 zyèm jounen li.

Arabie-Saoudite: Innondations

Otorite saoudyèn yo fè konnen gwo inondasyon touye plis pase 100 moun nan rejyon lwès peyi a Gwo lapli pwovoke inondasyon nan vil Djedda---yon vil ki bay sou lanmè Wouj la---ki se prensipal pòt antre mizilman kap vinn patisipe nan pelrinaj anyèl Hajj la. Men otorite saoudyen yo presize pa genyen okenn moun ki vinn nan festivite yo ki viktim.

BANGLADESH: Aksidan Bato Kabotay

Yon bato-pasaje ki te genyen plis pase mil pasaje abò li koule nan vandredi a nan peyi Bangladesh e pran lavi omwen 33 kretyen-vivan san konte plizyè lòt ki pa reponnn alapèl.

Otorite lokal yo di ensidan an rive sou flèv Tetulia, sou zile Bhola, ki a 150 kilomèt osid kapital la, Dacca. Menm sous la presize pasaje yo ta pral nan bouk yo pou yo'al pase fèt sakre nan kaladriye mizilman an, Eid Al-Adha. Otorite yo di bato a chavire nan moman pasaje yo te koumanse ap debake sou wàf la. Sekouris ki te sou plas te plonje nan dlo pou al eseye pote moun ki bloke andedan kabin yo sekou.

CHINA: AKSIDAN AVYON

Yon avyon kago ki bat paviyon Zimbabwe kraze nan peyi Lachine, pran lavi 3 manm ekipaj la e blese 4 lòt.

Ajans nouvèl XINHUA (Chine Nouvelle) di aksidan an rive lè aparèy la (yon avyon konpayi ameriken McDonnell Douglas (MD-11) ta pral dekole kite ayewopò Shangai lapou l al' nan repiblik Kirgystan. Televizon chinwaz di avyon an te kite pis la pandan dekolaj la e pran dife—dife ki boule tou yon depo. Imaj televizyon yo difize montre yon nuaj lamifen nwa pwès kap sòti nan epav aparèy la.

CHINE: INONDASYON NAN YON MIN CHABON

Otorite chinwa yo anonse inondasyon bloke 16 ouvriye nan yon min chabon nan rejyon nò-ès peyi a. Dapre sous sa a, dlo anvayi yon minn nan vil Meikou, ki sitiye nan pwovens Jilin. Chine Nouvelle di sekouris yo genyen difikilte pou yo delivre ouvriye yo akòz dlo ak labou ki anvayi min-nan.

IRAN-AIEA

Yon gwo manm yerachi relijye Iran an fè konnen Repiblik Islamik la pral pwodui pwòp uranyòm anrichi li pou yon reyaktè nan Teheran si Ajans Nikleyè Nasyonzini an refize ba li konbistib nikleyè. Ayatollah Ahmad Khatami, deklare samdi Iran kw è se dwa li pou’l aktive reyaktè li ak konbistib--avèk ou san èd Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la.

Lidè relijye a kritike anpil Ajans la pou rezolisyon li adopte yè vandredi pou l' pran sanksyon kont Teheran ki refize satisfè ekzijans kominote entènasyonal la ki mande l'kanpe pwogram anrichisman iranyòm li an. Misye Khatami di Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la pèdi tout kredibilite lè li pran yon rezolisyon ke’l kalifye kòm yon rezolisyon politik olye yon rezolisyon teknik.

jbjacque@voanews.com


XS
SM
MD
LG