Accessibility links

Breaking News

Pati Politik yo Mande Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayisyen an Pwolonje Dat Enskripsyon Kandida yo


Pwosesis enskripsyon kandida ki pral patisipe nan elekslyon lejislatif 28 fevrye 2010 yo kòmanse depi 25 novanm. Lap bout lundi 30 novanm nan.

Pati politik ki patisipe nan jounen enfòmasyon elektoral Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayisyen an (KEP) te òganize jounen 27 novanm nan, pwofite mande prezidan enstitisyon an, Gaillot Dorsinvil, pou l’ pwolonje dat enskirpsyon yo.

Responsab pati Oganizasyon Pèp an Lit (OPL), Edgar Leblanc, ki nan platfòm Altènativ di Lavwadlamerik delè sa a twò kout lè li konsidere kantite fòmalite pati yo gen pou ranpli. Pou Mesye Leblanc, se yon manèv KEP a pou destabilize pati politik yo. Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Gaillot Dorsinvil pa ko di si l’ap pwolonje delè pou inskripsyon kandida yo.

Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou n' koute Nouvèl Lawadlamerik yo.

jleroy@voanews.com

XS
SM
MD
LG