Accessibility links

Breaking News

Chili ap Prezan nan Koup du Mond 2010 la


Foutbòl / Chili/ FIFA

Klub foutbòl chilyen Rangers retire plent li te depoze nan tribinal kont federasyon foutbòl chili a li rann responsab ki fè l desann nan 2 zièm divizyon. Rezon an se apre FIFA menase pou anpechen Chili patisipe nan faz final koup du mond Afrik du Sud la si klub Rangers pat abandone plent la. Rangers te pèdu yon match pa fòfè apre li te mete sou teren an 6 jwè etranje aloske limit la se 5 jwè etranje.

Foutbòl / Eròp/ Olenpik

Lidè foutbòl Eropeyen yo supòte yon pwopozisyon ki vize limite patisipasyon jwè ki gen mwen de 21 lane nan Je Zolenpik . Komite Olenpik la vle kenbe statu ak jwè mwen de 23 zan plis 3 veteran pou pèmèt seleksyon Olenpik yo pi pèfòman.

Sa pa gen lontan prezidan Sepp Blatter te sugjere pou abandone limit laj la men anpeche patisipasyon foutbolè ki déjà patisipe nan yon koup du mond. Eropyen yo kouche an kwa kont lide a akoz krent pou yo pèdu foutbolè pandan pre-sezon an ak match kalifikatif lig chanpyon Eropeyen an. 8 reprezantan Unyon Foutbòl Eropeyen ki fè pati komite ekzekitif 24 manb FIFA a pral diskite kesyon nan okazyon rankont FIFA pral fè nan Afrik du Sud semen pwochen nan. Komite ekzektif la pral voye yon rapò bay komite olenpik entènasyonal la kap reyuni soti 9 pou rive 11 Desanm.

Tennis/ ATP

Tounwa tenis Open Otrich la ki ekziste depi 65 kan pap figire ankò nan kalandriye tounwa tenis anyèl akoz diskisyon sou itilizasyon stad la. Sekirite se youn pami rezon pati konsène yo pa vle siyen yon akò pou utilizasyon stad la. Asosyasyon Tenis pwofesyonèl la di yon nouvo konpetisyon kap dewoule nan vil Nis an Frans ap ranplase tounwa tenis Otrichyen an an Me pwochen.

Chanpyon an tit US Open nan Arjanten Martin del Potro kalifye pou semi final dènye tounwa final mondyal ATP apre li kale Swis Roger Federer 6-2, 6-7, 6-3.

Federer kalifye pou semi final la malgre defèt la.

Baskètbòl/ NBA

Orlando Majik suprann Atlanta Hawks ak yon viktwa 93 a 76 pou l pran tèt divizyon Sudès la ak 12 viktwa 4 defèt. Utah Jazz danse sou Chikago Bulls 105 a 86 gras ak Carlos Boozer ki make 28 pwen pou Jazz yo.

Foutbòl/ Etazini

Green Bay Packers, Dallas Cowboys ak Denver Broncos yo tout ranpòte la viktwa nan match foutbòl zèpòl kare ki jwe nan okazyon fèt daksyon de gras la. Green Bay Packers wouze Detroit Lions 34 a 12. Dallas Cowboys pat bay Oakland Raiders oken chans ak yon viktwa 24 a 7 epi nan dènye rankont sware a New York Giants tonbe devan Denver Broncos 26 a 6.

XS
SM
MD
LG