Accessibility links

Breaking News

Dine Deta nan La Mezon Blanch nan Lonè Premye Minis Endyen an, Manmohan Singh


Prezidan Barack Obama fè konnen relasyon ki egziste ane Lèzetazini ak patnè li, peyi Lend, se yon tip rapò ki pral sèvi pou ede defini bon jan relasyon ant peyi nan lemond pandan 21èm. syèk la. Lidè Lèzetazini an (pi ansyen demokrasi sou tè a) ak lidè Lend la (ki se peyi demokratik ki genyen pi gwo popilasyon nan lemond) pran angajman pou yo travay ansanm pou yo ranfòse ekonomi mondyal la, pote solisyon pou chanjman klima a, limite miltiplikasyon zam nikleyè epi konbat teworism.

Misye Singh te pale ak laprès amerikèn yè madi a aprè yon rankont 2 zèd tan avèk prezidan Obama nan La Mezon Blanch. Lidè endyen an di li envite prezidan Obama ak tout fanmi li al fè yon vizit nan peyi li ane pwochèn. Nap site: « Mwen envite Prezidan Obama al vizite Lend. Se yon akèy chaje chalè kap tann ni li menm, ni madanm plèn de gras li a, ansanm ak 2 pititfi yo.» Prezidan Obama reponn pou l di: «Se avèk gwo kontantman mwen aksepte envitasyon premye minis-la pou mwen al vizite Lend ane pwochèn.»

Nan fen jounen yè a, lidè ameriken an te òganize, nan lonè premye minis endyen an, yon dine deta nan La Mezon Blanch kote misye Obama ensiste sou nesesite pou 2 peyi yo jwe yon wòl lidè nan lemond pandan 21èm. syèk la. Nan diskou prezidan Obama fè nan okazyon an, li selebere sa li rele «asosyasyon enpòtan kap devlope ant 2 peyi yo.» Prezidan Obama di --nap site: «Ann leve vè nou pou avni pataje kap tann nou tou lè 2. Ann reponn apèl li, e se pou 2 gran peyi nou yo reyalize tout triyonf ak tout akonplisman ki devan nou.»

Te genyen plis pase 330 envite nan dine deta sa a ki dewoule anba yon tant enpwovize administrasyon Obama a te fè enstale sou pelouz Mezon Blanch la, olye yo te fè li nan sal diné deta tradisyonèl la ki pa tap gen plas ase pou tout moun sa yo.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG