Accessibility links

Breaking News

Inogirasyon Boulva Ameriken Yo Nan Pòtoprens


Premye minis ayisyen an, Jean-Max Bellerive ak anbasadè Etazini nan peyi Dayiti a, Kenneth Merten, inogire samdi 21 novanm nan Boulva Ameriken yo, yon wout tounèf ki konekte La Saline ak Wout Nasyonal nimewo 1 an, anpasan pa Site Solèy.

Nan okazyon sa a, misye Merten di malgre wout sa a rele Boulevard Des Américains, se anvan tou Boulva Ayisyen yo e nouvo vwa kominikasyon an senbolize chimen devlopman pou abitan Site Solèy yo ak pèp ayisyen an an jeneral.

Reyalizasyon boulva sa a koute 4.86 milyon dola ameriken e li se yon kontribisyon ajans gouvènman ameriken USAID kap finanse plizyè pwojè asistans ann' Ayiti.

Korespondan nou Rotchild François, Jr. te asiste seremoni inogirasyon an pou Sèvis Kreyòl la.

(Nou ka fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat paj sa a pou nou koute repòtaj li a).

CEP-ELEKSYON

Yon lòt kote, Sekretè jeneral KEP a, pastè Lionel Raphaël, di Lavwad'lamerik Konsèy Elektoral Pwovizwa a pwolonje pou 3 jou enskripsyon pati politik ki pral patisipe nan eleksyon fevyre 2010 la. Dènye delè pou yo enskri se lendi 23 novanm nan 4 trè apremidi.

Sou plan entènasyonal :

IRAN-Manèv Militè:

Yon gwo responsab militè iranyen anonse Teheran pral fè kèk ekzèsis militè nan lèzè ki genyen kòm objektif teste kapasite defans aeryèn peyi a pou asire pwoteksyon enstalasyon nikleyè li yo. Brigadye-jeneral Ahmad Mighani di ajans nouvèl FARS ekzèsis militè yo ap tanmen dimanch e yo dwe dire 5 jou.

Li ajoute kòdelit Gadyen Revolisyon an ak lòt inite lame a ap pran pa nan manèv yo. Jeneral Mighani presize manèv militè sa yo pral kouvri yon sipèfisi 600.000 kilomèt kare ki ranmase rejyon sant, lwès ak sid Iran, kote repiblik islamik la genyen enstalasyon nikleyè li.

AFGHANISTAN-ATAK

Plizyè wo responsab afghan di yon wokèt moun yo pa idantifye « lanse depi yon otèl deliks nan Kaboul eksploze e blese 4 kretyen-vivan.

Yon pòtpawòl ministè enteryè a di Lavwad’lamerik wokèt la tonbe sou yon wout ant yon lopital ak Otòl Serena.

Touris ak vizitè etranje renmen desann nan Otèl sa a ki sitiye toupre toupre palè prezidansyèl la, buwo ministè ak anbasad yo.

Militan taliban te itilize menm otèl la mwa pase pou yo tire wokèt. Pèsonn pat blese nan atak nap pale la a ki te fèt menm jou yon eksplozyon kamikaz te touye 6 manm pèsonèl Nasyonzini ki te nan rezidans yo nan yon lòt katye nan Kaboul.

Iraq-Eleksyon

Plaman Irakyen an boukle / san yon antant / sesyon li fè samdi 21 novanm nan pou eseye kraze enpass ki bloke adopsyon lwa elektoral la---yon lwa enpòtan pou dewoulman eleksyon ki fikse pou mwa janvye 2010 la. Depite irakyen yo te sipoze vote sou pwojè lwa samdi, men kòk responsab nan asanble a di yo ranvwaye seyans lan pou dimanch nan espwa yo va jwenn yon solisyon tout blòk politik yo va aksepte.

Vis-prezidan irakyen an, Tarik Al-Hashimi te poze veto li sou dokiman an nan jou pase yo paske li vle pou irakyen kap viv nan peyi etranje yo---pifò se irakyen sunnit menm jan ak li---genyen « plis reprezantasyon » nan peyi a. Apre aksyon sa a, komisyon Elektoral la oblije kanpe preparasyon ki tap fèt pou eleksyon yo.

IZRAYÈL-HAMAS

Gwoup Hamas anonse li jwenn yon akò ak lòt gwoup militan kap opere nan Gaza yo pou yo sispann tire wokèt sou rejyon Sid peyi Israel.

Minis enteryè Hamas la, Fathi Hamad, di jounalis yo akò a se pou anpeche atak reprezay Eta Juif la sou Gaza epi rann li pi fasil pou palestinyen yo rebati sit lame israelyèn nan te detwi nan operasyon militè ane pase a.

VATIKAN-LEGLIZ ANGLIKAN an

Achevèk anglikan Canterburry a (nan La Grann Bretay) rankontre ak chèf Legliz Katolik la, Pap Benoît 16, pou wè si la ranfòse relasyon ant legliz anglikan an ak Legliz katolik women-an.

Achevèk Rowan Williams fè yon chita-koze prive 20 minut samdi ak Souvren Pontif-la---yon rankont li kalifye de «diskisyon kòdyal». 2 lidè sprityèl yo te planifye rankont nan Vatican anvan Pap-la te anonse nan mwa Oktòb la yon nouvo mekanism ki pral rann li pi fasil pou anglikan yo konvèti nan Katolik.

END-ETAZINI

Premye minis End lan, Manmohan Singh, ap tanmen nan koumansman semèn nan yon vizit Ozetazini kote lap vinn diskite sou fason 2 nasyon yo kapab travay ansanm sou kesyon enpòtan-yo.

Anvan li pran avyon samdi poul’ vini Washington, misye Singh pibliye yon kominike kote li fè konnen li pral rankontre ak prezidan Barack Obama pou yo diskite sou kesyon tankou teworism, dezameman nikleyè, ralantisman ekonomi mondyal la e sou chanjman klimatik.


XS
SM
MD
LG