Accessibility links

Breaking News

Pwolongasyon Delè Enskripsyon Pati Politik Ki Pral' Nan Pwochen Eleksyon Yo


Konsèy Elektoral Pwoviwza aysiyen an (KEP a) pwolonje pou 3 jou enskripsyon pati politik ki pral patisipe nan eleksyon fevriye 2010 la. Sekretè jeneral KEP a, pastè Lionel Raphael, di Lavwlamerik enstitisyon elektoral la pran desizyon sa a pou pèmèt plis pati politik patisipe nan konpetisyon an.

Antretan, Lèzetazini pwomèt lap ede finanse pwochen eleksyon lejislativ yo. Anbasadè ameriken an, Kenneth Merten, fè pwomès sa a pandan yon vizit vandredi 20 novanm nan nan vil Okay--Depatman Sid Ayiti--nan okazyon inogirasyon yon sant sante pou moun ki enfekte ak viris VIH/Sida a peyi li finanse.

Bò pa li, pwofesè Victor Benoît, lidè Fusion, konfime pati li a ansanm ak Òganizasyon Pèp kap Lite, OPL, ap patisipe nan pwosesus elektoral la, e yo enskri vandredi pou vòt mwa fevriye a. Men misye Benoît di Lavwad'lamerik "lap kontinye fè chita pale avèk lòt aktè yo pou li eseye fòme yon gwoupman politik pi laj".

Pou devlopman rès aktyalite fè yon "klik" sou ralonj ki anwo, adwat paj web la.

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG