Accessibility links

Breaking News

Lidè Mondyal Yo Lanse Apèl Anfavè Plis Kooperasyon Nan Somè APEC la


Lidè APEC yo (Peyi manm Kooperasyon Ekonomik Azi Pasifik la) ki reyuni nan Somè Sengapou a, mande plis kooperasyon sou desizyon global kap pran pou remete ekonomi an sou ray e yo lanse avètisman pou di pa abandonen twò vit mezu y’ap aplike pou ankouraje kwasans lan.

Prezidan Larissi a, Dmitri Medvedev, lanse apèl anfavè yon “kooperasyon entènasyonal laj” pou travèse kriz global la e jwenn yon kwasans kap dure.

Premye minis ostralyen an, Kevin Rudd, pwopoze kreasyon yon kominote Azi/Pasifik---nan stil Inyon Ewopeyèn nan. Prezidan chinwa a, Hu Jintao, di "ankouraje ouvèti komès entènasyonal la e redui baryè pwoteksyonis yo ka ede remete ekonomi mondyal la doubout.

Nan Tokio (kapital Japon, samdi) prezidan ameriken an, Barack Obama mande samdi peyi azyatik yo pou yo koupe depandans yo sou ekspòtasyon yo Ozetazini epi chèche yon kwasans ekonomik ekilibre e kap dire. Bò kote pa li, Prezidan Barack Obama pran angajman pou l' koopere ak Lachin e pou Lèzetazini angaje l' yon fason pi aktif sou kontinan azyatik la. Misye Obama fè deklarasyon sa a nan yon diskou li pwononse samdi nan kapital nipòn nan, Tokio.

Prezidan ameriken an di Lèzetazini pap chèche “bloke La chine, e li byen akeyi efò Peken pou l' jwe yon pi gwo wòl sou sèn mondyal la”. Sepandan, chèf Mezon Blanch lan ajoute, Lèzetazini pa pral janm “ezite defann valè li onore… e ke di diskisyon sou kesyon dwazimen yo kapab fèt nan yon espri patenarya.

PAKISTAN-EKSPLOZYON:

Lapolis peyi Pakistan anonse yon kamikaz sote yon bonm e touye omwens 11 kretyen-vivan--pami yo 3 timoun--nan yon nouvo atak ki fèt nan vil Peshawar, nan nò-wès peyi a.

Otorite yo fè konnen bonbis la te nan yon liy machinn, devan yon pòs sekirite nan antre vil la, lè li deklanche eksplozyon an. 2 polisye pèdi lavi yo nan atak la, 20 moun blese e plizyè otomobil tounen freray nan atak la.

FORT HOOD-INVESTIGASYON (Tekzas)

Prezidan Barack Obama mande yon bon jan ankèt sou tout la liy sou fiziyad nan Baz Lame amerikèn Fort Hood (Eta Tekzas) semèn pase a. Nan mesaj li delivre chak semèn pou pèp ameriken an e ke Lamezon Blanch la poste sou sit entèt li a, misye Obama di anketè yo dwe kolekte e konpile tout brib enfòmasyon yo jwenn sou majò Nabil Malik Hassan e chèche detèmine ki sa k' te fè ak enfòmasyon sa yo. Antretan, samdi 14 novanm nan yo te supoze chante antèman 13 moun ki te pèdi lavi yo nan fiziyad 5 novanm nan.

Afghanistan:MORAL TWOUP AMERIKEN YO BESE ANPIL

Yon sondaj montre moral twoup ameriken ki nan Afghanistan yo bese anpil akòz ogmantasyon konba yo ak bann deplwaman yo nan zòn konfli a. Sondaj la, ki se yon sondaj lame amerikèn nan reyalize montre moral inite yo sòti nan 10.2 pousan an 2007 la pou’l desann desann nan 5.7 pousan ane sa a.

AYITI-KEP-ELEKSYON

Anrejistreman pati politik ki dwe ale nan pwochen eleksyon lejislativ yo ap tanmen lendi 16 novanm nan. Se sa nouvo prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayisyen an, Gaillot Dorsinvil, di Lavawadlamerik nan yon konvèsasyon nou te genyen avèk li yè apre yon premye seyans travay ak reprezantan politik aysiyen yo.

BOUKAN-KARE (MIREBALAIS)

Nominasyon yon jij ministè lajustis fè nan komun Boucan-Carré pwovoke mekontantman pami yon sektè nan popilasyon an kap pwoteste kont desizyon ministè konsène a. Korespondan VOA Jean-Christophe Collegue genyen detay.

Nou ak ale sou ralonj ki anwo e adwat paj-web la pou nou koute devlopman aktyalite ayisyèn nan.

XS
SM
MD
LG